Ezekyèl 46 - 1998 Haitian Creole

Ofrann wa a pou fèt lalin nouvèl

1Senyè sèl Mèt la di ankò:

— Se lan va rive. Paske, tè a se pou li. Se sèlman li menm ak pitit li ki ka mèt tè a pou toutan.

18Wa a 1 Wa 21.3,7; Eze 45.8 pa gendwa mete okenn moun nan pèp la deyò sou tè yo pou li pran l pou li. Se nan tè ki rele l pa l la pou l pran pou l bay pitit li. Konsa, li p'ap mete pèsonn deyò sou tè yo pou l pran tè a pou li.

Kizin Tanp lan

19Apre sa, nonm lan mennen m devan pòt ki toupre pòtay sid la, nan ti lakou anndan an. Pòt la te bay sou chanm yo mete apa pou prèt Bondye yo, sou bò nò a. Li moutre m yon espas nan fon an, sou bò solèy kouche chanm yo.

20Epi 2 Kwo 35.13; Eze 44.19 li di m:

— Men kote prèt yo va bouyi vyann bèt yo te touye pou mande Bondye padon osinon pou peye pou peche yo fè yo. Se la tou y'a kwit ofrann farin yo. Konsa, tou sa yo te mete apa pou Bondye p'ap janm sòti nan gwo lakou a kote yo te ka fè malè rive pèp la.

21Apre sa, li mennen m nan gwo lakou deyò a, li fè m pase nan kat kwen lakou a. Te gen yon ti lakou nan chak kwen.

22Antou, sa te fè kat ti lakou. Chak ti lakou sa yo te gen swasanntwit pye longè, karantwit pye lajè.

23Yo chak te gen yon miray wòch ki te fèmen yo. Nan pye miray yo, te gen yon seri fouye dife ki te fè wonn lakou a.

24Nonm Eze 44.11 lan di m:

— Sa se kizin kote moun k'ap sèvi nan Tanp lan va bouyi vyann bèt pèp la ofri bay Bondye.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help