Neyemi 12 - 1998 Haitian Creole

Lis prèt yo ak moun Levi yo

1Men lis prèt ak moun Levi ki te tounen ki t'ap gouvènen peyi Lapès.

23Pou 1 Kwo 9.14-16 branch fanmi Levi yo, yo te enskri nou chèf fanmi yo tou nan gwo rejis ofisyèl la, men lè yo rive sou tan Jokanan, pitit pitit Elyachib la, yo sispann fè sa.

Travay chak moun nan Tanp lan

24Chèf 1 Kwo 25.1; Esd 3.11 moun Levi yo te Achabya, Jechwa, Bennwi ak Kadmyèl. Yo te separe moun Levi yo an gwoup. De gwoup te kanpe yonn anfas lòt pou chante lwanj Senyè a ak kantik pou di Bondye mèsi, yonn apre lòt, dapre lòd wa David, sèvitè Bondye, te kite a.

25Men non moun ki t'ap sèvi tankou gad pòtay Tanp lan: Se te Matanya, Bakboukya, Obadya, Mechoulam, Talmon ak Akoub. Yo te reskonsab veye depo magazen ki te bò pòtay Tanp lan.

26Moun Ney 8.9 sa yo t'ap viv nan tan Jojakim, pitit Jozye, pitit pitit Josadak la, te granprèt la, nan tan Neyemi t'ap gouvènen an ak nan tan Esdras, prèt ki te dirèktè lalwa a, tou.

Sèvis benediksyon miray ranpa lavil Jerizalèm lan

27Lè 1 Kwo 15.16 yo ta pral fè sèvis benediksyon miray ranpa lavil Jerizalèm lan, yo fè chache tout moun Levi yo toupatou kote yo te rete, yo mennen yo lavil Jerizalèm. Yo te vle fè yon gwo fèt pou sèvis benediksyon an ak kè kontan. T'ap gen chante pou di Bondye mèsi, avèk mizik, senbal, gita ak bandjo.

28Se konsa mizisyen sanba yo, moun branch nan fanmi Levi yo, sòti nan tout zòn ki bò lavil Jerizalèm, nan ti bouk ki bò Netofa yo, yo sanble.

29Genyen tou ki te sòti lavil Betgilgal ak andeyò Geba ak Azmavèt. Lè sa a, mizisyen yo te rete nan anpil ti bouk yo te bati nan tout zòn bò lavil Jerizalèm lan.

30Prèt Ney 13.22,30 yo ak moun Levi yo fè sèvis pou mete tèt yo, pèp la, pòtay yo ak miray ranpa a nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.

31Mwen fè tout chèf peyi Jida yo moute sou tèt miray ranpa a: Mwen fè de gwoup mizisyen ak moun pou chante pandan y'ap mache sou tèt miray la. Premye gwoup la al sou bò dwat nan direksyon Pòtay Fatra a.

32Ozaya t'ap mache dèyè yo ak mwatye nan chèf peyi Jida yo.

33Dèyè yo t'ap mache Azarya, Esdras, Mechoulam,

34Jeouda, Benjamen, Chemaja ak Jirimeja.

35Mesye sa yo se prèt yo te chwazi pou kònen twonpèt yo. Dèyè yo t'ap mache Zekarya, pitit Jonatan. Jonatan sa a te pitit Chemaja, Chemaja te pitit Matanya, Matanya te pitit Mika, Mika te pitit Zakou, Zakou te pitit Asaf.

36Zekarya 1 Kwo 23.5 t'ap mache avèk lòt moun menm fanmi avè l yo. Se te Chemaja, Azareèl, Milalayi, Gilalayi, Maayi, Netaneèl, Jeouda ak Anani. Yo tout yo te gen nan men yo tout kalite enstriman mizik wa David, sèvitè Bondye a, te konn jwe. Se Esdras, dirèktè lalwa a, ki t'ap mache devan premye gwoup sa a.

37Lè Ney 3.15 yo rive Pòtay Fontenn dlo a, yo moute dwat devan yo, yo pran macheskalye ki mennen nan lavil wa David la, yo pase sou kote palè David la, yo moute sou tèt miray la ankò jouk yo rive Pòtay Dlo yo bò solèy leve.

38Lòt gwoup la menm al sou bò gòch, sou tèt miray la: Mwen t'ap mache dèyè yo ansanm ak lòt mwatye moun yo. Nou pase bò gwo Fò Fou yo jouk nou rive sou gwo miray laj la.

39Apre sa, nou pase anwo pòtay Efrayim lan, anwo vye Pòtay la, anwo Pòtay Pwason yo, sou kote Fò Ananeèl ak Fò Meya a jouk nou rive bò Pòtay Mouton yo. Nou rete bò Pòtay Gad Tanp lan.

40Se konsa, de gwoup moun yo ki t'ap chante pou di Bondye mèsi a rive nan Tanp Bondye a. Mwen te gen avè mwen mwatye nan chèf yo,

41ansanm ak prèt ki t'ap kònen twonpèt yo: Elyakim, Maaseja, Menjamen, Mika, Elyoenayi, Zekarya, Ananya, avèk twonpèt yo nan men yo,

42ansanm avèk moun k'ap chante yo: Maseja, Chemaja, Eleaza, Ouzi, Jokanan, Malkija, Elam ak Azè. Se Jizraja ki t'ap mennen chante a.

43Jou sa a, yo te ofri anpil gwo sakrifis pou Bondye. Tout pèp la t'ap fè fèt paske Senyè a te ba yo gwo kè kontan. Tout fanm yo ak tout timoun yo t'ap fete tou. Byen lwen yo te ka tande moun yo ki t'ap fete nan lavil Jerizalèm lan.

Regleman pou sèvis nan Tanp lan

44Lè 2 Kwo 31.11,12; Ney 13.4,13 sa a, yo chwazi kèk gason yo mete reskonsab chanm depo kote yo te mete pwovizyon yo, ofrann premye grenn ak premye fwi yo ranmase nan chak rekòt yo, ofrann ladim yo ak lòt ofrann pou moun yo fè pou Tanp lan: Se mesye sa yo ki te gen pou ale nan tout jaden bò lavil yo, pou ranmase sa lalwa te mande pou bay prèt yo ak moun Levi yo. Tout moun peyi Jida te kontan ak travay moun Levi yo ak prèt yo t'ap fè.

45Paske, 1 Kwo 25.1; 2 Kwo 8.14; 29.30 yo t'ap fè sèvis Bondye yo san mank. Yo t'ap fè sèvis pou mete tout moun ak tout bagay nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.

Mizisyen yo ak gad pòtay Tanp yo tou, tout moun t'ap fè travay yo dapre regleman wa David ak pitit li, wa Salomon, te bay.

46Depi lontan, sou reny David, nan tan Asaf te chèf mizisyen yo, te gen yon gwoup mizisyen ki te la pou chante lwanj Bondye ak lòt chante pou di l mèsi.

47Se Nonb 18.21,24,26-28; Ney 11.23 konsa, nan tan Zowobabèl ak nan tan Neyemi, tout pèp Izrayèl la te pote kado chak jou bay mizisyen yo ak gad pòtay Tanp yo. Yo te pote renmèt moun Levi yo ofrann yo te mete apa pou Bondye. Moun Levi yo menm te bay prèt yo, moun fanmi Arawon yo, pòsyon pa yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help