Sòm 35 - 1998 Haitian Creole

SÒM 35 (34)Lapriyè pou mande sekou(1a) Se

Y'ap gade m, y'ap grinyen dan sou mwen.

17Senyè, Sòm 22.20; Aba 1.13 pou konbe tan ankò w'a penmèt sa?

Pwoteje m non anba bèt sovay sa yo.

Sove m anba lyon sa yo.

18M'a Sòm 22.22,25 di ou mèsi nan mitan tout moun lè yo reyini,

m'a fè lwanj ou devan yon gwo foul moun.

19Pa Sòm 69.4; Jan 15.25 kite lènmi m yo, bann mantò sa yo,

fè fèt sou tèt mwen.

Pa kite moun sa yo ki rayi m san m pa fè yo anyen an fè siy sou mwen.

20Yo pale tankou moun k'ap chache kont.

Y'ap kalkile tout kalite manti pou yo fè sou moun

ki pa nan kont ak pèsonn nan peyi a.

21Yo Sòm 22.13; 70.3 louvri bouch yo byen laj pou bay manti sou mwen.

Y'ap di: Wi! Nou te wè ou!

22Men Egz 3.7; Sòm 10.1; 28.1 ou menm, Senyè, ou wè tout bagay.

Pa rete san ou pa di anyen nan sa, Senyè!

Pa rete lwen m konsa.

23Leve Sòm 7.6; 44.23 non, Senyè, vin pran defans mwen!

Leve non, Bondye mwen, vin plede kòz mwen!

24Ou Sòm 7.8; 35.19 pa nan patipri, Senyè. Fè m jistis.

Pa kite lènmi m yo fè fèt sou tèt mwen.

25Pa 2 Sam 17.16; Lam 2.16 kite yo di nan kè yo: Wi! se sa menm nou te vle rive li!

Pa kite yo di: Nou fini avè l!

26Tout Jòb 8.22; 19.5; Sòm 35.4 moun ki kontan wè jan m'ap soufri a,

se pou yo wont jouk yo pa konn sa pou yo fè.

Se pou moun k'ap gonfle lestonmak yo sou mwen pèdi fil,

se pou yo kouri al kache!

27Se Sòm 40.16; 70.4 pou moun ki kontan wè jan m inonsan an pran rele byen fò san rete.

Se pou yo di: Senyè a gen gwo pouvwa!

Li vle pou sèvitè li viv ak kè poze.

28Lè Sòm 51.14; 71.24 sa a, m'a fè konnen jistis ou,

m'a fè lwanj ou tout lajounen.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help