Matye 5 - 1998 Haitian Creole

Jezi ap bay mesay li a sou mòn lan

1Lè Jezi wè foul moun yo, li moute sou yon mòn. se pou yo jije li. Moun ki joure frè l enbesil, se pou yo jije l devan Gran Konsèy la. Si yon moun di frè l moun fou, li bon pou yo jete l nan dife lanfè a.

23Konsa, Mak 11.25 si lè w'ap mete ofrann ou sou lotèl la bay Bondye, epi antan ou la devan lotèl la, ou chonje frè ou gen kichòy kont ou, men sa pou ou fè:

24Kite ofrann lan la devan lotèl la, ale byen ak frè ou la anvan. Apre sa, w'a tounen vin bay Bondye ofrann ou an.

25— Si Mat 6.14,15; 18.35; Lik 12.58,59 yon moun pote plent pou ou nan tribinal, prese mete ou dakò avè l antan nou prale ansanm nan tribinal la, pou li pa lage ou nan men jij la, pou jij la pa lage ou nan men lapolis, pou yo pa mete ou nan prizon.

26Sa m'ap di ou la, se vre wi: ou p'ap sòti nan prizon an toutotan ou pa peye dènye lajan yo mande ou la.

Jezi ap pale sou kèsyon adiltè

27— Nou Egz 20.14 tande ki jan nan tan lontan yo te di: Piga ou janm fè adiltè.

28Mwen Jòb 31.1; 2 Pyè 2.14 menm, men sa m'ap di nou: Si yon nonm gade yon fi avèk lanvi, li deja fè adiltè avè l nan kè l.

29Si Mat 18.8,9; Mak 9.43,47; Kol 3.5 se grenn je dwat ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, rache l voye jete byen lwen ou. Pito ou pèdi yon sèl manm nan kò ou, pase pou yo voye tout kò ou nèt jete nan lanfè.

30Si se men dwat ou ki pou ta fè ou tonbe nan peche, koupe l voye jete byen lwen ou. Pito ou pèdi yon sèl nan manm ou yo, pase pou tout kò a nèt al nan lanfè.

Jezi ap pale sou kèsyon divòs(Matye 19.9; Mak 10.11-12; Lik 16.18)

31— Yo Mat 19.3-9; Det 24.1 te konn di nou tou: Si yon nonm vle kite ak madanm li, fòk li ekri l yon papye divòs.

32Men Lik 16.18; 1 Kor 7.10,11 mwen menm, men sa m'ap di nou: Yon nonm ki kite ak madanm li, si se pa pou lenkondit, nonm sa a lakòz madanm lan fè adiltè. Konsa tou, yon nonm ki marye ak yon madanm mari l kite l, li fè adiltè tou.

Jezi ap pale sou kèsyon fè sèman

33— Nou Egz 20.7; Lev 19.12; Nonb 30.2 tande ki jan nan tan lontan yo te di zansèt nou yo: Ou pa dwe refize fè sa ou te sèmante pou ou te fè a. Se pou ou fè sa ou te sèmante fè devan Bondye.

34Men Mat 23.16-22; Eza 66.1; Tra 7.49 mwen menm, men sa m'ap di nou: Pa fè sèman menm. Pa fè sèman sou syèl la, paske syèl la se fòtèy kote Bondye chita.

35Pa Sòm 48.2 fè sèman sou tè a, paske tè a se ti ban kote Bondye poze pye li. Pa fè sèman sou lavil Jerizalèm, paske se lavil gwo Wa a.

36Pa fè sèman nonplis sou tèt pa ou, paske ou pa ka fè yon sèl grenn cheve nan tèt ou tounen blan osinon nwa.

37Men, 2 Kor 1.17; Jak 5.12 lè w'ap pale se wi ak non pou ou genyen ase. Tou sa ou mete an plis, se nan Satan sa sòti.

Jezi ap pale sou kèsyon tire revanj(Lik 6.29-30)

38— Nou Lev 24.19,20 tande ki jan nan tan lontan yo te di: yon je pou yon je, yon dan pou yon dan.

39Men Lik 6.27-36 mwen Jan 18.22,23; Lev 19.18 menm, men sa m'ap di nou: Pa tire revanj sou moun ki fè nou mal. Si yon moun ba ou yon souflèt sou bò dwat, ba li bò gòch la tou.

40Si 1 Kor 6.7 yon moun vle rele ou nan tribinal pou l pran chemiz ou, kite palto a ba li tou.

41Si yon chèf vle fòse ou pote yon chaj pou li sou distans yon kilomèt, fè de kilomèt avè l.

42Bay lè moun mande ou. Pa refize prete moun ki mande ou prete.

Renmen lènmi ou(Lik 6.27-28,32-36)

43— Nou Lev 19.18 tande ki jan nan tan lontan yo te di: Se pou nou renmen frè parèy nou, men se pou nou rayi lènmi nou yo.

44Men Egz 23.4,5; Wòm 12.14,20; Lik 23.34; Tra 7.60 mwen menm, men sa mwen di nou: Renmen lènmi nou. Lapriyè pou moun k'ap pèsekite nou.

45Se Ef 5.1 konsa n'a tounen pitit Papa nou ki nan syèl la. Paske, li fè solèy la leve ni pou moun ki mechan ni pou moun ki bon. Li fè lapli tonbe ni pou moun k'ap fè sa ki byen ni pou moun k'ap fè sa ki mal.

46Si nou plede renmen moun ki renmen nou ase, ki rekonpans nou merite pou sa? Eske pèseptè kontribisyon yo pa fè sa tou?

47Lèfini, si se frè nou ase nou di bonjou, se yon pakèt afè sa ye atò? Eske moun lòt nasyon yo pa fè sa tou?

48Non, Lev 19.2 nou fèt pou nou bon nèt, menm jan Bondye Papa nou ki nan syèl la bon nèt.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help