Zakari 7 - 1998 Haitian Creole

Kèsyon fè jèn lan

1Katriyèm jou nan nevyèm mwa yo rele mwa Kislev la, nan katriyèm lanne reny wa Dariyis, Senyè a pale ak Zakari.

2Moun 1 Sam 13.12; Mal 1.9 lavil Betèl yo te voye Charezè ak Regèm-Melèk ansanm ak moun pa yo vin lapriyè nan pye Senyè a.

3Yo 2 Wa 25.8; Zak 12.12 te voye yo vin mande prèt yo ansanm ak pwofèt k'ap sèvi nan Tanp Senyè a kèsyon sa a:

— Pandan senkyèm mwa a, eske se pou nou toujou pran lapenn pou Tanp yo te detwi a? Eske se pou nou toujou fè jèn jan nou te konn fè pandan tout lanne anvan yo?

4Lè sa a, Senyè ki gen tout pouvwa a pale avè m, li di m konsa:

5— Pale 2 Wa 25.25; Eza 58.4,5; Zak 1.12; 1 Kor 11.20,21 ak tout moun ki nan peyi a ansanm ak prèt yo tou. Mande yo pou mwen: Sa fè swasanndizan depi n'ap fè jèn, depi n'ap pran lapenn sou chak senkyèm ak setyèm mwa. Eske se pou mwen nou te fè tou sa?

6Konsa tou, lè nou t'ap manje, lè nou t'ap bwè, eske se pat pou pwòp plezi pa nou?

7Se Jer 17.26 menm mesay sa a Senyè a te voye pwofèt tan lontan yo vin di nou. Lè sa a, lavil Jerizalèm te plen moun, zafè yo t'ap mache byen. Te plen moun ap viv nan ti bouk ki toutotou lavil la, nan zòn Negèv la ak nan plenn sou bò solèy kouche a.

Dezobeyisans pèp la lakòz yo depòte yo

8Senyè a pale ak Zakari, li di l konsa:

9— Mwen te pale ak pèp mwen an, mwen te di yo se pou yo rann jistis san patipri. Se pou yo aji ak bon kè yonn ak lòt, se pou yo gen pitye yonn pou lòt.

10Pa Egz 22.21,22; Pwo 22.22; Jer 5.28; 21.12; Mi 6.8; Mat 23.23 peze vèv yo, ni timoun san papa yo, ni moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou, ni moun ki nan nesesite. Pa rete ap kalkile nan tèt nou jan pou nou fè lòt moun mal.

11Men, Ney 9.29 yo te derefize koute m. Yo t'ap fè wondonmon. Yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande.

12Yo 2 Kwo 36.16; Ney 9.30; Eze 11.19 fè kè yo di kou wòch pou yo pa tande lòd ak mesay mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, mwen te voye ba yo. Se Lespri Senyè a menm ki te mete nan bouch pwofèt tan lontan yo mesay sa yo. Se konsa Senyè ki gen tout pouvwa a te move anpil sou yo.

13Sa Pwo 1.24-28; Jer 11.11 ki rive lè sa a? Menm jan yo pat koute l lè li t'ap pale ak yo a, li menm tou, li pat reponn yo lè yo te lapriyè nan pye l.

14Li Eze 12.15,19; Sof 3.6 gaye yo nan mitan yon bann nasyon yo pat konnen. Lènmi fin devalize tout peyi a, yo pa kite pèsonn ladan l. Yon bon peyi konsa, yo fè l tounen yon dezè.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help