13 Se pou yo afiche kopi lèt sa a toupatou nan peyi a pou tout moun ka konnen sa ki ladan l, pou tout jwif yo ka pare kò yo pou kenbe tèt ak moun ki pa vle wè yo.
14Mesaje yo moute sou chwal yo, yo kouri al fè sa wa a te bay lòd fè a. Yo mache fè konnen lòd wa a toupatou, ata nan lavil Souz.
15Madoche menm sòti kite palè wa a. Li te gen yon bèl rad tankou rad wa a sou li ak yon kouwòn lò sou tèt li ansanm ak yon gwo manto fèt ak twal fen koulè vyolèt voye sou zepòl li. Tout moun lavil Souz yo te kontan lè yo wè l konsa.
16Pou jwif yo menm, se te yon gwo soulajman. Yo te kontan, yo t'ap fè fèt.
17Nan tout pwovens yo, nan chak lavil yo, toupatou kote yo te pibliye lòd wa a te bay la ak kote yo te afiche lèt la, jwif yo t'ap fè fèt, yo te kontan. Lè sa a, anpil moun lòt nasyon fè yo sikonsi yo, yo fè yo jwif paske yo te pè jwif yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.