1Lè yo rive toupre lavil Kaserin, anfas lavil Niniv, Rafayèl di konsa:
2— Tobiyas, ou konnen nan ki eta papa ou te ye lè nou te kite l la.
3Annou pran devan. N'ap kite madanm ou dèyè pou n ka gentan pare kay la pou li anvan li rive ak lòt moun yo.
4Pa bliye pran fyèl pwason an avè ou.
Se konsa yo pran devan. Chen Tobiyas la t'ap mache dèyè yo pye pou pye.
5Ana menm te chita ap veye bò chemen pitit li te gen pou l pran pou l tounen an.
6Li wè l byen lwen ap vini. Li di papa a:
— Men pitit gason ou lan k'ap tounen ansanm ak kanmarad li a.
7Anvan Tobiyas rive bò kote papa l, Rafayèl di l konsa:
— M garanti ou, papa ou ap wè nan je l ankò.
8W'ap mete fyèl pwason an nan je l yo. Renmèd la ap manje maladi a, epi w'ap wete yon ti kal tou blan sou grenn je l yo. Je papa ou yo ap louvri, l'ap wè klè ankò.
9Ana kouri al kontre Tobiyas, li pase bra l nan kou l, li t'ap di:
— Ou la, pitit mwen! Kounyeya mwen wè ou, mwen mèt mouri.
Epi dlo t'ap ponpe sot nan je li.
Tobi geri10Tobi menm leve, li tatonnen jouk li rive nan pòtay lakou a.
11Tobiyas mache al kontre l. Li te gen fyèl pwason an nan men li. Li soufle nan je papa a, li kenbe papa a fò, epi li di l:
— Kouray, papa!
Li mete renmèd la nan je l yo, epi li tann yon kadè.
12Apre sa, avèk men l, li wete de ti kal blan, yonn nan chak kwen je l yo.
13Lè sa a, papa a pase de bra l nan kou Tobiyas. Dlo t'ap kouri sot nan je l. Li di byen fò:
— M wè ou, pitit mwen, de je nan tèt mwen!
14Apre sa, li di ankò:
— Lwanj pou Bondye!
Lwanj pou non li ki gen pouvwa!
Lwanj pou tout mesaje Bondye yo!
Lwanj pou non li ki gen pouvwa
pou tout tan tout tan!
Li te voye maladi sa a sou mwen,
men kounyeya li fè m wè Tobiyas, pitit mwen an.
15Lè sa a, Tobiyas antre anndan kay la ak kè kontan. Byen fò li t'ap di Bondye mèsi. Apre sa, li rakonte papa l tout bagay, li di l jan vwayaj la te byen pase, non sèlman li pote lajan an tounen, men li marye ak Sara, pitit fi Ragwèl la. Li di l Sara dèyè toujou, li toupre pòtay lavil Niniv la.
Sara rive lakay Tobi16Tobi pati al kontre bèlfi li nan pòtay lavil la, li te kontan, li t'ap fè lwanj Bondye. Lè moun Niniv yo wè l ap mache san pèsonn pa kenbe men l, byen enganm tankou tan lontan, yo te sezi. Tobi fè lwanj Bondye devan yo tout dèske Bondye te gen pitye pou li, li te fè l wè ankò.
17Lè li rive bò Sara, madanm Tobiyas, pitit li, li resevwa l nan non Bondye, li di l konsa:
— Antre non, pitit fi mwen! Kay la pou ou! Nou kontan wè ou! Lwanj pou Bondye ou la ki fè ou vini lakay nou, pitit fi mwen! Lwanj pou papa ou! Lwanj pou Tobiyas, pitit gason m lan! Lwanj pou ou tou, pitit fi mwen! Ou lakay ou! Antre non avèk kè kontan ak benediksyon, pitit fi mwen!
18Jou sa a, se te fèt pou tout jwif lavil Niniv yo.
19Ayika ak Nadab, kouzen Tobi yo, vin fè kè yo kontan ansanm ak li.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.