Detewonòm 10 - 1998 Haitian Creole

Dezyèm fwa Moyiz resevwa dis kòmandman yo(Egzòd 34.1-10)

1Apre sa, Senyè a di m': Travay wòch Egz 25.10,16; 34.1,2 fè de tablo tankou de premye yo. Pran planch fè yon bwat, mete yo ladan li. Moute vin jwenn mwen sou mòn lan.

2Mwen pral ekri sou wòch yo tou sa mwen te ekri sou wòch ou te kraze yo. Lèfini, w'a depoze yo nan bwat la.

3Se Egz 34.4; 37.1 konsa, mwen fè yon bwat ak bwa akasya, mwen travay wòch fè de tablo tankou de premye yo epi mwen moute sou mòn yo ak yo nan men mwen.

4Senyè a Egz 19.17; 20.1; 34.28 make dis pawòl li te ekri premye fwa a sou tablo yo, dis kòmandman Senyè a te ban nou antan li te nan mitan dife a, jou nou tout nou te reyini nan pye mòn lan. Apre sa, li ban mwen yo.

5Mwen Egz 34.29; 40.20; 1 Wa 8.9 desann sòti nan mòn lan. Mwen mete wòch plat yo nan bwat mwen te fè a, jan Senyè a te ban mwen lòd la, epi se la yo rete depi lè sa a.

6Moun Nonb 20.28; 33.31,38 pèp Izrayèl yo kite pi Benèy-Jakan yo, yo pati pou Mosera. Se la Arawon te mouri. Se la tou yo antere l. Se Eleaza, pitit li a, yo te mete prèt nan plas li.

7Yo Nonb 33.32,33 kite kote yo te ye a, yo pati pou Goud Goda, epi yo rive Jobata, yon kote ki te gen anpil dlo.

8Se Nonb 3.6; 4.15; 8.14; Det 21.5 lè sa a Senyè a te mete moun branch fanmi Levi yo apa pou yo reskonsab pote Bwat Kontra Senyè a, pou yo ka kanpe devan l fè sèvis pou li, pou yo ka beni pèp la nan non l, jan y'ap fè l jouk kounyeya.

9Se Nonb 18.20,24 poutèt sa, moun branch fanmi Levi yo pat resevwa okenn pòsyon tè pou rele yo pa yo menm jan ak moun lòt branch fanmi yo paske se Senyè a ki tout byen yo, jan Senyè a, Bondye nou an, te di l la.

10Mwen Det 9.18,19 menm, mwen rete karant jou, karant nwit sou mòn lan, jan mwen te fè l premye fwa a. Fwa sa a ankò, Senyè a koute m, li te dakò pou l pa detwi nou.

11Lè Egz 32.34; 33.1 sa a, li di m konsa: Leve non. Pati, pran devan pèp la. Mennen yo al pran pou yo peyi mwen te sèmante m'ap bay zansèt yo a.

Egzijans Bondye

12Kounyeya, nou Det 5.33; 6.2,5,13,24; 7.11 menm pèp Izrayèl, men sa Senyè a, Bondye nou an, mande nou: Se pou nou gen krentif pou Senyè a, Bondye nou an. Se pou nou swiv chemen li mete devan nou an. Se pou nou renmen l. Se pou nou sèvi l ak tout kè nou ak tout nanm nou.

13Se pou nou mache dapre tout kòmandman ak tout lòd li yo. Se pou byen nou mwen ban nou yo jòdi a.

14Gade Ney 9.6; Sòm 24.1; 115.16 non! Se pou Senyè a syèl la ak tou sa ki anwo nèt nan syèl la ye. Se pou li latè ak tou sa ki ladan l lan ye.

15Men, Det 4.37 pami tout ras moun ki sou latè yo, se zansèt nou yo li te pi pito, paske li te renmen yo. Apre yo, se nou menm, pitit yo, li pi pito nan mitan tout lòt ras moun, jan sa ye jouk kounyeya.

16Se Egz 32.9; Lev 26.41; Jer 4.4 poutèt sa, louvri kè nou nèt bay Senyè a. Sispann fè wòklò ak li,

17paske 2 Kwo 19.7; Ney 9.32; Jòb 34.19; Sòm 136.2,3; Da 2.47; Tra 10.34; Wòm 2.11; Gal 2.6; Ef 6.9; Kol 3.25; 1 Pyè 1.17; Rev 17.14 Senyè a, Bondye nou an, se li menm ki Bondye anwo tout bondye, se li menm ki chèf sou tout chèf. Li gen pouvwa, li gen fòs, li fè moun respekte l. Li pa nan paspouki, li pa kite yo achte figi l avèk kado y'ap ofri ba li.

18L'ap Sòm 68.5; 146.9 defann kòz timoun ki san papa yo ak kòz fanm ki pèdi mari yo. Li renmen moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan pèp li a, li ba yo manje pou yo manje ak rad pou yo mete sou yo.

19Se Egz 22.21 pou nou renmen moun lòt nasyon sa yo tou paske yon lè se sa nou te ye nan peyi Lejip la.

20Se Det 6.13; 11.22 pou Senyè a, Bondye nou an, ase pou nou gen krentif. Se li menm sèlman pou nou sèvi. Pa janm lage l. Se nan non l ase pou nou fè sèman.

21N'a Sòm 22.3; 106.21,22; Jer 17.14 fè lwanj li, se li menm ki Bondye nou. Nou te wè ak je nou tout gwo bagay ak bèl mèvèy li te fè pou nou.

22Lè Jen 46.27; Det 1.10 zansèt nou yo te desann nan peyi Lejip, yo te swasanndis moun sèlman. Kounyeya, Senyè a, Bondye nou an, fè nou vin anpil tankou zetwal nan syèl la.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help