Ezekyèl 42 - 1998 Haitian Creole

De kay ki nan lakou Tanp lan

1Apre sa, nonm lan mennen m nan gwo lakou ki pase devan chanm yo.

5Chanm ki te nan etaj anwo nèt la te pi fèmen pase chanm ki te nan etaj mitan an ak chanm ki te nan etaj anba nèt la, paske yo te bati plis sou dèyè.

6Nan tout twa etaj yo, pyès ki te anwo nèt la te pi fèmen pase sa ki te nan mitan an ak sa ki te anba nèt la. Yo pat gen poto pilye pou sipòte yo tankou lòt kay yo nan lakou a.

7Miray deyò Tanp lan, sou anba nèt, sou menm nivo ak premye etaj la, te gen katrevenkat pye epesè, ki vle di mwatye lajè gwo kay nò a.

8Anwo nèt, pyès yo te pran tout lajè kay la. Paske fasad devan kay la te gen sanswasanntwit pye.

9Anba chanm yo, sou bò solèy leve kay la, kote miray la konmanse a, te gen yon pòtay pou antre nan gwo lakou deyò a.

10Sou bò sid Tanp lan, te gen yon lòt gwo batisman tankou premye a, toupre gwo pyès ki sou bò solèy kouche Tanp lan.

11Devan chanm yo, te gen yon koridò tankou pou kay ki sou bò nò a. Li te gen menm longè, menm lajè avè l, menm fòm, ak menm pozisyon pou pòt yo ak fennèt yo.

12Te gen yon pòt nan chanm yo sou bò sid kay la ki louvri sou koridò nan pwent bò solèy leve a, kote miray la konmanse a.

13Lè Li Eze 40.3 pran baton pou mezire a, li pran mezi fasad ki bay sou solèy leve a. Li jwenn witsankarant (840) pye.

17Apre sa, li mezire bò ki bay sou nò a, li jwenn witsankarant (840) pye tou.

18Apre sa, li mezire bò ki bay sou sid la, li jwenn witsankarant (840) pye.

19Lèfini, li mezire bò ki bay sou solèy kouche a, li jwenn witsankarant (840) pye tou.

20Konsa, Eze 22.26; 40.5 li jwenn miray ki te fè wonn Tanp lan ansanm ak gwo lakou a te kare kare, witsankarant (840) pye chak bò. Miray la te sèvi pou separe sa ki te apa pou Senyè a ak sa yo pat mete apa pou Senyè a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help