Jan 13 - 1998 Haitian Creole

Jezi lave pye disip li yo

1Se te jou lavèy fèt Pak jwif yo. Nou menm, nou tou pwòp, men se pa nou tout ki pwòp.

11(Jezi Jan 6.64,70,71 te konnen ki moun ki ta pral trayi li. Se poutèt sa li te di: Se pa nou tout ki pwòp.)

12Lè l fin lave pye yo tout, Jezi mete gwo rad la sou li ankò, li tounen nan plas li bò tab la, epi li di yo:

— Eske nou konprann sa m sot fè la a?

13Nou Mat 23.8,10 rele m Mèt, nou rele m Senyè. Nou gen rezon, se sa m ye vre.

14Si Lik 22.27; 1 Tim 5.10 mwen menm ki Senyè, mwen menm ki Mèt, mwen lave pye nou, konsa tou, nou menm, se pou nou yonn lave pye lòt.

15Mwen Fil 2.5; Kol 3.13; 1 Pyè 2.21 ban nou yon egzanp pou nou ka fè menm bagay mwen te fè pou nou an.

16Sa Mat 10.24 m'ap di nou la a se vre wi: Yon sèvitè pa janm pi enpòtan pase mèt li. Moun yo voye a pa janm pi enpòtan pase moun ki voye li a.

17Kounyeya nou Mat 7.24; Jak 1.25 konn bagay sa yo. Benediksyon pou nou si nou fè menm jan an tou.

18— Lè m Sòm 41.9 di sa, mwen pa pale pou nou tout. Mwen konnen moun mwen chwazi yo. Men, fòk sa ki te ekri nan Liv la rive vre. Moun k'ap manje nan menm plat avè m lan, se li menm ki trayi mwen.

19M'ap Jan 14.29 tou di nou sa kounyeya anvan bagay sa yo rive, pou lè yo rive vre nou ka kwè mwen se moun mwen ye a.

20Sa Mat 10.40 m'ap di nou la a, se vre wi: Moun ki resevwa moun mwen voye a, li resevwa m tou. Moun ki resevwa m, li resevwa moun ki voye m lan.

Jezi fè konnen Jida pral trayi l(Matye 26.20-25; Mak 14.17-21; Lik 22.21-23)

21Lè Mat 26.21-25; Mak 14.18-21; Lik 22.21-23 Jezi Jan 12.27 fin di pawòl sa yo, li santi kè l te boulvèse anpil. Li di yo kareman:

— Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou pral trayi mwen.

22Disip yo menm, yonn t'ap gade lòt, yo pat konnen ki moun li t'ap pale.

23Yonn Jan 19.26; 20.2; 21.7,20 nan disip yo, sa Jezi te renmen an, te chita kòtakòt avèk li.

24Simon Pyè fè l siy pou l mande Jezi ki moun li t'ap pale.

25Lè sa a, disip la panche tèt li bò Jezi, li mande li:

— Senyè, kilès sa a?

26Jezi reponn li:

— Mwen pral tranpe yon moso pen nan plat la: moun w'a wè m'a lonje l bay la, se li menm.

Jezi pran yon moso pen, li tranpe l, li lonje l bay Jida, pitit Simon Iskaryòt la.

27Pran Jan 13.2 Jida pran moso pen an, Satan antre nan li. Jezi di li:

— Sa ou gen pou fè a, fè l vit.

28(Pèsonn sou tab la pat konprann poukisa li te di l sa.

29Anpil Jan 12.6 te fè lide Jezi te vle di l al achte sa yo te bezwen pou fèt la, ou ankò te mande l bay pòv yo kichòy, paske se li menm ki te kenbe sak lajan an.)

30Se konsa, Jida pran moso pen an. Lamenm li sòti. Te fin fè nwa deyò a.

Kòmandman nouvo a

31Apre Jida fin ale, Jezi di konsa:

— Se kounyeya nou pral wè pouvwa Moun Bondye voye nan lachè a. Se kounyeya li pral fè nou wè pouvwa Bondye parèt nan li.

32Si Jan 12.23; 17.1-5 li fè nou wè pouvwa Bondye a, Bondye li menm va fè nou wè pouvwa Pitit la. Epi l'ap fè l talè konsa.

33Pitit Jan 7.33; 8.21 mwen yo, mwen pa la pou lontan ankò avè nou. Ala chache n'a chache mwen! Men, kounyeya m'ap di nou sa m te di jwif yo deja: Nou pa kapab ale kote m prale a.

34Men, Jan 15.12,13,17; 1 Jan 2.8,10 m'ap ban nou yon kòmandman nouvo: Se pou nou yonn renmen lòt. Wi, se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou an.

35Si nou yonn renmen lòt, lè sa a tout moun va konnen se disip mwen nou ye.

Jezi fè anonse Pyè pral trayi li(Matye 26.31-35; Mak 14.27-31; Lik 22.31-34)

36Simon Mat 26.33-35; Mak 14.29-31; Lik 22.31-34 Pyè Jan 7.34; 21.18,19 mande li:

— Senyè, ki bò ou prale?

Jezi reponn li:

— Kote m prale a ou pa ka swiv mwen kounyeya. Men, w'a swiv mwen pita.

37Pyè di li:

— Senyè, poukisa m pa kapab swiv ou kounyeya? Mwen tou pare pou m bay lavi m pou ou.

38Jezi reponn li:

— Ou kwè ou pare vre pou bay lavi ou pou mwen? Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Kòk p'ap ankò chante, w'ap gentan di ou pa janm konnen m an twa fwa.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help