Sòm 115 - 1998 Haitian Creole

SÒM 115 (113b)Bondye tout bon an

1Non! Eza 48.11; Eze 36.22 Lwanj lan pa pou nou, Senyè!

Se pa pou nou lwanj lan ye, Senyè!

Non! Se pa pou nou!

Men, se pou ou menm sèl,

paske ou renmen nou, paske ou toujou kenbe pawòl ou!

2Poukisa Sòm 42.3,10; 79.10; Jowèl 2.17 moun lòt nasyon yo ap mande:

— Kote Bondye nou an?

3Bondye Sòm 135.6; Da 4.35 nou an, se nan syèl la li ye,

Li fè sa l vle.

4Zidòl Sòm 135.15-18 pa Det 4.28; Eza 37.19; Jer 10.3-5 yo, se bagay ki fèt ak ajan ak lò.

Se moun ki fè yo ak men yo.

5Yo Aba 2.18; Rev 9.20 gen bouch, men yo pa ka pale.

Yo gen je, men yo pa ka wè.

6Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande.

Yo gen nen, men yo pa ka pran okenn sant.

7Yo Eza 46.7 gen men, men yo pa ka manyen anyen.

Yo gen pye, men yo pa ka mache.

Pa menm yon ti son pa ka sòti nan gòj yo.

8Moun Eza 44.9; Jo 2.8 ki fè zidòl yo ansanm ak tout moun ki mete konfyans yo nan yo,

se pou yo tounen tankou yo.

9Nou Sòm 33.20; 62.8; 118.2-4; 135.19,20 menm, pèp Izrayèl la, mete konfyans nou nan Senyè a.

Se li menm k'ap ede nou,

se li ki tout pwoteksyon nou.

10Nou menm, prèt Bondye yo, mete konfyans nou nan Senyè a.

Se li menm k'ap ede nou,

se li ki tout pwoteksyon nou.

11Nou tout ki gen krentif pou Senyè a, mete konfyans nou nan li.

Se li menm k'ap ede nou,

se li ki tout pwoteksyon nou.

12Senyè a p'ap janm bliye nou, l'ap ban nou benediksyon li.

L'ap beni pèp Izrayèl la,

l'ap beni prèt Bondye yo.

13L'ap Sòm 112.1; Rev 19.5 beni tout moun ki gen krentif pou li,

piti kou gran.

14Se Det 1.11 pou Senyè a ba ou anpil benediksyon.

Se pou l beni pitit ou yo tou.

15Se Sòm 134.3 pou Senyè a ki fè syèl la ak latè a

voye benediksyon li sou nou!

16Syèl la se pou Senyè a li ye.

Li bay moun latè pou yo.

17Se Sòm 6.5 pa moun mouri k'ap fè lwanj Senyè a.

Non! Se pa moun ki desann kote mò yo ye a k'ap fè lwanj li.

18Men, Sòm 113.2; Da 2.20 nou menm ki vivan, n'ap di l mèsi

depi kounyeya ak pou tout tan tout tan.

Lwanj pou Senyè a!

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help