Jidit 9 - 1998 Haitian Creole

Jidit lapriyè nan pye Bondye

1Lè sa a, Jidit mete sann dife sou tèt li, li louvri rad li pou rad sak li te mete sou li a parèt deyò, li bese tèt li jouk atè. Se te lè y'ap ofri lansan aswè a nan tanp lan lavil Jerizalèm. Jidit rele byen fò, li lapriyè Granmèt la, li di:

2— Granmèt, Bondye Simeyon papa m! Ou te mete nan men papa m yon nepe pou l te tire revanj sou moun lòt nasyon yo ki te fè kadejak sou Dina, yon jennfi tifi. Apre yo te fin chire rad sou li, yo mete l toutouni, yo avili l, yo kouche avè l pou fè l wont. Bagay ou menm ou te di ki pa dwe fèt, se sa menm yo te fè.

3Se poutèt sa ou kite yo touye chèf moun sa yo. Poutèt kabann kote yo te fè kadejak la, ou fè kabann yo benyen ak san, ou touye yo tout, depi domestik yo, rive sou grannèg yo, ata sou chèf ki chita sou fòtèy ap gouvènen yo.

4Ou kite yo fè madanm yo prizonye, yo depòte pitit fi yo, yo separe tou sa yo te genyen pote ale. Wi, ou te kite pitit ou renmen anpil yo fè sa pou ou, paske yo te sòti pou fè volonte ou, yo pa te ka sipòte wè san yo mele ak lòt vye san sal. Yo te rele ou mande ou lasistans. Bondye mwen! Ay, Bondye mwen! Tande m non, mwen menm yon vèv k'ap lapriyè nan pye ou!

5Se ou menm ki te fè tout bagay tan lontan yo pase jan yo pase a, ansanm ak tou sa ki rive anvan sa ak apre sa. Se ou menm tou k'ap fè tout bagay k'ap pase kounyeya ak sa ki gen pou rive apre sa a, pase jan ou vle l la. Sa ou gen nan lide ou pou ou fè a gen pou rive tout jan.

6Konsa tou, lè ou vle yon bagay fèt, bagay la fèt lamenm, paske ou konnen davans tou sa ou vle fè ak ki desizyon pou ou pran pou yo rive fèt vre.

7Kounyeya, gade! Moun peyi Lasiri yo leve yon sèl gwo lame, yo kontan yon sèl kontan pou kantite chwal ak kavalye yo genyen. Y'ap fè grandizè pou fòskouraj sòlda yo, yo mete gwo espwa ak lògèy nan plak pwotèj yo, nan frenn yo, nan banza yo ak nan boulin yo. Men, yo pa rekonèt ou menm, Granmèt la, w'ap goumen pou sispann gen lagè.

8Se Granmèt yo rele ou! Avèk fòs ou, kraze gwo lame yo a. Nan kòlè ou, derasinen lògèy yo a, paske yo sòti pou yo derespekte kote yo mete apa pou ou a, pou yo gate tanp kote bèl limyè prezans ou rete a, pou yo kase kòn lotèl yo ak nepe yo.

9Gade awogans yo! Fè yo santi sa ou ka fè yo lè ou ankòlè. Ban mwen fòs, mwen menm yon vèv san mari, pou m fè sa m gen lide fè a.

10Sèvi ak pawòl dous nan bouch mwen pou twonpe yo, pou touye ni domestik, ni mèt, ni grannèg, ni sèvant. Sèvi ak men yon fanm pou kraze lògèy yo nèt ale.

11Fòs ou pa chita sou kantite sòlda ni sou vanyan gason ki nan lame. Ou se Bondye malere, ou ride moun y'ap toupizi, ou soutni moun ki fèb, ou pran defans moun ki san sekou, ou delivre moun ki te fin pèdi espwa.

12Wi, tanpri, Bondye Simeyon papa mwen, Bondye ki espwa pèp Izrayèl la, ou menm k'ap gouvènen nan syèl la ak sou latè, ou menm ki fè dlo lanmè ak dlo larivyè yo, ou menm ki wa sou tou sa ou kreye, tande jan m'ap lapriyè nan pye ou!

13Mete pawòl nan bouch mwen pou m woule yo, pou sa tounen yon zam pou blese, pou touye moun sa yo ki fè lide fè tout mechanste sa yo sou kontra ou la, sou tanp yo mete apa pou ou a, sou mòn Siyon an ak sou peyi ou bay pitit ou yo pou yo rete a.

14Fè tout lòt nasyon ak tout lòt branch fanmi moun sou latè yo rekonèt se ou menm ki Bondye, Bondye ki gen tout pouvwa ak tout fòs la. Pa gen lòt moun pase ou menm pou pwoteje pèp Izrayèl la.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help