1Senyè a te bay Jeremi yon mesay sou pèp peyi lan pou l bwè ladan l tou.
27Apre Aba 2.16 sa, Senyè a di m konsa: W'a di yo men lòd Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la bay. Se pou yo bwè pou yo sou, jouk yo vonmi. Y'a tonbe, yo p'ap ka leve lè y'a wè lagè m'ap voye sou yo a.
28Si Jer 49.12 yo ta rive refize pran gode a nan men ou pou yo pa bwè ladan l, w'a di yo: Senyè ki gen tout pouvwa a di wè pa wè se pou yo bwè l.
29Premye Pwo 11.31; Eza 10.12; Am 3.2; 1 Pyè 4.17 kote m'ap konmanse fè malè, se va lavil yo mete apa pou mwen an. Atò, se nou menm ki pou pa ta resevwa pinisyon nou? Non, nou p'ap chape, paske mwen pral voye lagè sou tout moun sou latè. Se mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.
30Ou Jij 9.27; Eza 16.10; Jowèl 3.16 menm, Jeremi, se pou ou fè yo konnen tou sa mwen di ou. W'a di yo:
— Senyè a rete anwo nan syèl la, l'ap gwonde.
Li rete nan kay ki apa pou li a, l'ap pale byen fò.
L'ap gwonde anwo pèp li a.
L'ap rele tankou moun k'ap kraze rezen.
Li move sou tout moun ki rete sou latè.
31Bri a Eza 66.16; Oze 4.1 rive nan zòrèy moun toupatou sou latè.
Senyè a gen yon kont pou l regle ak nasyon yo.
Li rele yo tout nan tribinal.
L'ap fè touye tout moun ki antò.
Se Senyè a menm ki di sa.
32Senyè Jer 6.22; 23.19 ki gen tout pouvwa a di:
— Malè a pral tonbe sou nasyon yo yonn apre lòt,
yon gwo van tanpèt ap moute sòti nan bout latè.
33Jou Jer 16.4 sa a, depi yon bout latè rive lòt bout la,
se va kadav moun Senyè a pral touye.
P'ap gen pèsonn pou kriye pou yo,
pèsonn pou ranmase yo atè a,
pèsonn pou antere yo.
Kadav yo va tounen fimye atè a.
34Nou Jer 4.8; 6.26; 23.1 menm chèf ki reskonsab pèp la,
rele anmwe, woule kò nou atè.
Lè a rive pou yo koupe tèt nou.
Yo pral gaye nou. Nou pral tonbe atè.
Nou pral kraze tankou bèl potich ki koute chè.
35P'ap gen kote pou chèf yo al kache.
P'ap gen kote pou moun ki reskonsab pran swen pèp la ka ale pou yo jwenn pwoteksyon.
36Y'ap tande chèf yo ap rele,
y'ap tande yo ap rele anmwe,
paske Senyè a pral ravaje peyi yo.
37Tout Eza 32.18 bèl peyi yo pral tounen mazi,
paske Senyè a move anpil.
38Tankou Jòb 38.40; Sòm 76.2; Jer 46.16 yon lyon ki kouri kite twou li,
tout moun ap mete deyò.
Peyi a pral tounen yon dezè
apre lagè san manman sa a,
apre gwo kòlè Senyè a.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.