1Richès ap fè ou pase nwit blanch k'ap fini avè ou.
Tèt chaje richès ba ou ap fè ou pa ka dòmi.
2Lè ou pase jounen ou nan tèt chaje sa enpoze ou dòmi,
menm jan yon maladi grav fè ou pa ka dòmi.
3Moun rich travay di pou ranmase lajan.
Lè yo sispann travay, se pou yo pran kont plezi yo.
4Pòv la menm travay di, li pa gen dekwa pou l viv.
Lè li sispann travay, li tonbe nan mizè ankò.
5Lè yon moun renmen lajan, sa fè l pa ka mache dwat.
Lè yon moun ak kouri dèyè fè lajan, sa fè l tonbe nan fè peche.
6Anpil moun kite lò fè yo pèdi tou sa yo te genyen.
Malè sa a pa te ka pa rive yo.
7Lajan se yon pèlen pou moun ki kite l pran nanm yo.
Tout moun sòt pran ladan l.
8Benediksyon pou moun rich ki pa janm fè anyen ki malonèt,
ki pa janm kouri dèyè lajan!
9Si ou konn yon moun konsa, fè nou konnen l pou n ka fè l konpliman,
paske se bèl bagay li ta rive fè la devan pèp la.
10Lè yon moun pase anba tantasyon sa a san l pa fè anyen ki mal, li mèt kontan tèt li.
Kimoun ki janm jwenn yon okazyon pou l fè yon lajan epi ki pa fè l?
Osinon, kimoun ki janm jwenn chans pou l fè lajan sou tèt yon lòt pou l pa fè l?
11Richès moun sa a p'ap pase mal.
Tout moun va mache di tout byen li fè.
Resèpsyon12Si ou chita nan yon gwo resèpsyon, pa kite grangou fè dlo vin nan bouch ou,
lèfini pou ou di: Mezanmi, gade manje!
13Pa bliye se maledve pou ou gen gwo je.
Nan tou sa Bondye kreye, pa gen anyen ki pi saf pase je.
Se poutèt sa ti krik ti krak li kriye.
14Pa lonje men ou pran sa yon lòt moun gentan ap gade.
Pa lage kò ou sou plat manje a anmenmtan avè l.
15Mete ou nan plas lòt moun lan.
Kalkile sa ou pa ta renmen yo fè ou.
16Tankou moun ki gen lizay, manje manje yo met devan ou.
Pa bat bouch ou. Se bagay moun pa vle wè.
17Se lizay pou se ou menm premye moun ki sispann manje.
Pa fè aloufa pou moun pa jije ou mal.
18Si gen anpil moun chita bò tab la avè ou
pa prese sèvi tèt ou anvan lòt yo.
19Yon ti kras kont pou yon moun ki gen lizay.
Konsa, lè ou moute kabann ou dòmi, ou p'ap toufe.
20Lè ou manje twòp ou pa ka dòmi.
W'ap gen vonmensman ak vant fè mal.
Men, lè ou pa manje twòp, w'ap dòmi byen,
w'ap leve bonè, w'ap santi ou anfòm.
21Si yo te fòse ou manje twòp,
leve, al vonmi, w'ap santi kò ou pi byen.
22Pitit mwen, koute sa m'ap di ou. Pa voye pawòl mwen yo jete.
Pita w'a konprann pawòl m'ap di ou la a.
Poze san ou nan tou sa w'ap fè,
ou p'ap janm tonbe malad.
23Lè yon moun bay anpil manje nan resèpsyon l'ap fè, tout moun ap pale l byen.
Pandan lontan moun ap fè lwanj li pou jan li konn bay.
24Men, lè yon moun kripya, tout moun nan lavil la ap pale l mal.
Y'ap plede rakonte jan li chich.
Diven25Lè w'ap bwè diven, pa pran pòz vanyan gason ou,
paske diven lakòz anpil moun fini mal.
26Menm jan yo pase fè nan dife ak nan tranp pou wè kisa l vo,
se konsa diven fè wè awogans moun k'ap fè granpanpan.
27Diven se lavi, depi ou pa bwè l twòp.
Kisa lavi ta ye san diven?
Bondye te mete diven pou fè kè moun kontan.
28Lè ou bwè diven lè pou ou bwè l la, san ou pa pran twòp,
sa ap ba ou kè kontan. Se va yon plezi pou nanm ou.
29Men, lè ou bwè diven an twòp, avèk lanvi,
sa ba ou tèt fè mal, sa ap jennen ou, sa ap fè ou wont.
30Lè yon moun sòt anba gwòg li, sa fè l fè kòlè, bagay ki pa bon pou li.
Li vin fèb, yo ba l kou fasil.
31Lè nan resèpsyon y'ap bwè diven, pa chache moun kont.
Pa fè pèsonn repwòch antan kè yo kontan an.
Pa di yo pawòl ki pou ofiske yo.
Se pa lè sa a pou ou mande yo peye dèt yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.