Sòm 66 - 1998 Haitian Creole

SÒM 66 (65)Fè lwanj Bondye ki delivre nou(1a) Pou Sòm 98.4 chèf sanba yo. Chante sa a se yon sòm li ye.

1(1b) Nou tout ki rete sou latè, rele ak kè kontan pou Bondye!

Fe fèt pou fè lwanj Bondye!

2Chante Eza 42.12 pouvwa Bondye!

Fè gwo fèt pou fè lwanj li!

3Di Sòm 18.44; 65.5 Bondye:

Sa ou fè yo se bagay ki pou fè moun respekte ou.

Ou sitèlman gen pouvwa, lènmi ou yo ap flate ou.

4Tout moun ki rete sou latè ap adore ou.

Y'ap chante pou ou, y'ap chante pou sa ou fè.

5Vini Sòm 46.8 non! Al gade sa Bondye fè!

Li fè bagay ki pou fè moun sou latè respekte li.

6Li Egz 14.21; Joz 3.17; 4.23; Eza 63.12 fè fon lanmè a tounen tè sèk:

Zansèt nou yo travèse rivyè a san pye yo pa mouye.

Ann fè kè nou kontan pou sa li te fè!

7Avèk fòs kouray li l'ap donminen pou tout tan.

L'ap gade tout sa nasyon yo ap fè.

Si gen moun ki vle fè rebèl, pito yo pa leve tèt yo?

8Nou menm pèp yo, di Bondye mèsi!

Fè tout moun tande jan n'ap fè lwanj li!

9Se Sòm 121.3 li menm ki ban nou lavi.

Li pa kite pye nou glise.

10Bondye, Jòb 23.10; Zak 13.9 ou te fè nou pase anba tray

pou ou te wè kote nou ye.

Wi, menm jan yo pase lò nan dife pou wè si li bon,

se konsa ou te fè nou pase anba tray.

11Ou Lam 1.13; Eze 12.13 te kite nou tonbe nan pèlen an.

Ou te mete yon chay lou sou do nou.

12Ou Eza 43.2; 51.23 kite nenpòt moun ap pase nou lòd.

Nou pase nan dife, nou pase nan gwo dlo.

Men, ou wete nou nan tout move pa, ou delivre nou.

13M'a Sòm 50.14 vin lakay ou ak bèt pou yo boule pou ou,

m'a ofri ou sa mwen te pwomèt ou a.

14M'a Sòm 18.6 kenbe pawòl mwen te di

lè m te nan tray la.

15M'a ofri mouton byen gra pou yo boule pou ou sou lotèl la,

ansanm ak odè vyann y'ap boukannen pou ou.

Wi, m'a ofri ou towo bèf ak bouk kabrit.

16Vin koute non, nou tout ki gen krentif pou Bondye.

M'a di nou sa Bondye fè pou mwen.

17Mwen rele nan pye l,

mwen te deja pare pou m te fè lwanj li.

18Si Pwo 28.9; Eza 1.15; 59.2; Jan 9.31 mwen te gen move lide nan tèt mwen,

Senyè a pa ta koute sa m t'ap di l la.

19Men Sòm 116.1,2 Bondye te koute sa m t'ap di l la,

li te tande m lè m t'ap lapriyè.

20Lwanj pou Bondye!

Mèsi Bondye!

Ou pat kite m lapriyè pou gremesi.

Ou pat refize fè m wè jan ou gen bon kè.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help