1Senyè a di:
— Yo ekri Se
Mwen pat janm mande pou move tan tonbe sou yo!
Senyè, ou konn sa! Se devan ou mwen te di tou sa m te di.
17Tanpri, Jer 16.19 pa kite sa vire mal pou mwen!
Jou malè se ou ki tout pwoteksyon m!
18Se Sòm 35.4,8; Jer 11.20 moun k'ap chache touye m yo ki pou wont. Pa mwen.
Se yo ki pou gen kè kase. Pa mwen.
Fè malè tonbe sou yo. Kraze yo an miyèt moso!
Jou repo a se jou apa pou Bondye19Men sa Senyè a di ankò:
— Al kanpe bò Pòtay Pèp la, kote wa Jida yo pase pou antre sòti nan lavil la. W'a bay mesay sa a. Lèfini, al kanpe bò tout lòt pòtay lavil yo, w'a di menm bagay la.
20W'a di yo: Nou menm, wa peyi Jida ak tout moun nan peyi a, nou tout moun lavil Jerizalèm ki pase nan pòtay sa yo, koute sa Senyè a di:
21Li Ney 13.15-19 te di si nou renmen lavi nou, pa pote okenn chay jou repo a. Pa kite yo pote chay antre nan pòtay lavil Jerizalèm yo.
22Pa Egz 31.13; Nonb 15.32-36; Eza 56.2; 58.13; Eze 20.12 pote chay sòti lakay nou jou repo a. Piga nou fè okenn travay jou sa a. Se pou nou mete jou repo a apa pou Senyè a, jan mwen te bay zansèt nou yo lòd la.
23Men Jer 5.3; 7.24,26 zansèt nou yo pat koute m, yo pa okipe sa m te di yo a. Yo fè tèt di. Yo pa obeyi m. Yo derefize fè sa m te di yo fè.
24Men sa mwen menm, Senyè a, mwen di: Si nou menm nou koute lòd mwen ban nou, si nou pa kite pèsonn pote chay antre nan pòtay lavil la jou repo a, si nou kenbe jou repo a tankou yon jou nou mete apa pou mwen, si nou pa fè okenn travay jou sa a,
25lè Jer 22.4 sa a, wa nou yo va antre nan pòtay lavil Jerizalèm yo ansanm ak chèf nou yo. Y'a chita sou fòtèy wa David la. Yo menm ansanm ak tout pèp Jida a ak moun lavil Jerizalèm yo, y'a moute cha lagè yo ak chwal yo. Ap toujou plen moun nan lavil Jerizalèm.
26Moun Jen 13.1; Lev 7.12; Sòm 107.22; 116.17; Jer 33.13; Zak 7.7 va soti nan tout vil Jida yo, nan tout alantou Jerizalèm, y'a soti nan peyi moun Benjamen yo nan zòn ki nan pye mòn yo, nan mòn yo ak nan sid peyi Jida a, y'a pote bèt pou boule pou Senyè a, bèt pou yo touye sou lotèl li a, ofrann danre ak lansan ansanm ak ofrann pou bay Bondye remèsiman nan kay Senyè a.
27Tansèlman, 2 Wa 25.9; Jer 7.20; Lam 4.11 si nou pa koute m, si nou pa mete jou repo a apa pou Bondye, si jou sa a nou pote chay, si nou kite moun antre nan pòtay lavil Jerizalèm yo ak chay, m'ap mete dife nan pòtay li yo. Dife a va boule tout gwo kay lavil Jerizalèm yo. Pèsonn p'ap ka touye dife sa a.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.