Jòb 39 - 1998 Haitian Creole

1Eske ou konnen lè kabrit mawon yo alèz lè l'ap bat zèl li,

men, li pa ka vole tankou sigòy.

14Otrich la ponn ze l yo atè konsa.

Se chalè tè a ki fè yo kale.

15Li pa konnen nenpòt moun k'ap pase ka pile yo,

nenpòt bèt nan raje ka kraze yo anba pye.

16Li Lam 4.3 fè tankou ze yo pa pou li.

Sa pa di l anyen si li bay tèt li

tout lapenn ponn ze yo pou gremesi.

17Se Jòb 35.11 mwen menm, Bondye, ki fè l sòt konsa,

ki pa ba li lespri menm.

18Men, lè l pran kouri,

nanpwen kavalye sou chwal ki ka pran devan l.

19Eske se ou menm ki bay chwal yo fòs,

ki mete bèl krenyen sou kou yo?

20Eske Jer 8.6,16 se ou ki fè yo sote ponpe tankou kabrit,

ki fè yo ranni pou fè moun pè?

21Y'ap pyafe konsa nan ti fon yo, y'ap bat tè a ak zago yo.

Yo kouri ak tout fòs yo lè yo nan lagè.

22Se brave danje yo ye. Yo pa janm pè anyen.

Pa gen zam ki pou fè yo fè bak.

23Lè konsa, ti sak flèch ki nan do kavalye yo ap fè bri.

Lans ak frenn ki nan men yo ap fè zèklè.

24Yo Am 3.6 eksite, yo pa ka tann. Y'ap kouri sou lènmi an.

Lè yo tande twonpèt la soufle, yo pa ka rete anplas.

25Chak fwa twonpèt la soufle, yo fè han!

Yo gentan pran sant batay la byen lwen.

Yo tande chèf yo k'ap pase lòd byen fò.

26Eske se ou ki moutre grigri jan pou l vole

lè li louvri zèl li yo vole ale nan sid?

27Eske Jer 49.16; Abd 4 se ou ki bay malfini lòd

pou li fè nich li byen wo sou tèt mòn yo?

28Li rete sou tèt gwo wòch yo. Se la li pase nwit.

Kote l ye a, moun pa ka vin pran l.

29Se la li rete, l'ap veye bèt pou l trape manje.

Li te mèt byen lwen, l'ap wè yo ak je li.

30Se Mat 24.28 san bèt ti malfini yo bwè.

Kote ki gen kadav, se la yo ye.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help