1Pèp Izrayèl la lage kò l ankò nan fè sa ki paske Joas te di: Kite Baal koresponn ak li, paske se lotèl Baal la li te kraze.
33Lè Jij 6.3 sa a, tout moun Madyan yo, tout moun Amalèk yo ak tout moun k'ap viv nan dezè a bò solèy leve yo mete tèt ansanm, yo janbe lòt bò larivyè Jouden an, yo moute kan yo nan plenn Jizreyèl la.
34Lespri Jij 3.10,27; 1 Kwo 12.18; 2 Kwo 24.20 Senyè a desann sou Jedeyon. Li soufle nan yon kòn belye mouton, li rele tout gason nan fanmi Abyezè a vin jwenn li.
35Apre Jij 7.23,24 sa, li voye mesaje nan tout peyi Manase a al rele moun yo pou yo vin jwenn li tou. Li voye mesaje nan peyi Asè, nan peyi Zabilon ak nan peyi Neftali. Tout moun sa yo moute vin jwenn li.
36Lè Egz 4.1-7; Jij 6.17 sa a, Jedeyon di Bondye konsa:
— Si se ou menm vre ki vle sèvi avè m pou delivre pèp Izrayèl la,
37men mwen mete yon moso lenn sou glasi a. Si denmen maten mwen wè gen lawouze sou moso lenn lan sèlman epi tout rès glasi a chèch, lè sa a m'a konnen se ou menm vre ki pral sèvi avè m pou delivre pèp Izrayèl la.
38Se sa ki te rive vre. Nan denmen maten, lè Jedeyon leve byen bonè, li tòdje moso lenn lan, li wete dlo ladan l kont pou ta plen yon bòl.
39Lèfini, Jen 18.32 Jedeyon di Bondye ankò:
— Tanpri, pa fache sou mwen non! Kite m di ou yon dènye bagay. Kite m fè esperyans moso lenn lan yon lòt fwa ankò. Men, fwa sa a se pou moso lenn lan rete chèch, epi pou lawouze sou tout glasi a.
40Jou lannwit sa a, Bondye fè sa konsa vre: moso lenn lan te rete byen chèch, men te gen lawouze sou tout glasi a.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.