Sòm 92 - 1998 Haitian Creole

SÒM 92 (91)Jistis Bondye(1) Sòm Jen 14.19,20; Sòm 147.1 sa a se yon chante espesyal pou jou repo a.

1(2) Sa Sòm 36.5; 119.147,148 bon nèt pou nou di Senyè a mèsi,

pou nou chante pou ou, Bondye ki anwo nan syèl la.

2(3) Sa Sòm 33.2 bon nèt pou chak maten nou fè konnen jan ou gen kè sansib,

pou chak swa nou fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou.

3(4) Avèk Sòm 8.6 mizik yo jwe sou enstriman akòd yo,

avèk mizik yo jwe sou gita,

sa bon nèt pou nou fè lwanj ou.

4(5) Paske, Sòm 111.2; 139.17; Wòm 11.33; Rev 15.3 Senyè, ou fè kè m kontan ak bèl mèvèy ou yo,

m'ap fè fèt lè m wè tou sa w'ap fè.

5(6) Ala Sòm 94.8 bèl bagay ou fè yo bèl!

Senyè, moun p'ap janm ka fin konprann sa ki nan tèt ou!

6(7) Se Jòb 21.7; Sòm 94.4; Jer 12.1 bagay moun lespri lou pa ka konnen, bagay moun fou pa ka konprann.

7(8) Mechan Sòm 93.4 yo ap grandi tankou zèb,

moun k'ap fè mal yo ap wè zafè yo mache byen,

men yon lè yo tout gen pou disparèt nèt.

8(9) Men Sòm 68.1 ou menm, Senyè, ou se Bondye nan syèl la. Ou la pou tout tan.

9(10) Paske, 1 Sam 2.1; Sòm 23.5; 75.10 Senyè, lènmi ou yo pral mouri.

Wi, ou pral gaye tout moun k'ap fè mal yo.

10(11) Ou Sòm 54.7 fè m gen menm fòs ak towo bèf mawon yo.

Ou fè kè m kontan.

11(12) Mwen Sòm 52.8; 72.7; Oze 14.5,6 wè ak je m jan lènmi m yo pèdi batay la,

mwen tande jan moun ki pa vle wè m yo ap rele.

12(13) Moun Sòm 135.2 k'ap mache dwat yo pral pouse tankou palmis,

y'ap grandi tankou pye sèd nan peyi Liban.

13(14) Yo tankou pyebwa yo plante nan kay Senyè a,

y'ap pouse bèl branch nan Tanp Bondye nou an.

14(15) Yo Det 32.4; Sòm 58.11; Wòm 9.14 te mèt granmoun, y'ap donnen,

y'ap toujou vèt, y'ap toujou gen fòs.

15(16) Sa fè nou wè jan Senyè a pa gen patipri.

Se li ki tout pwoteksyon mwen.

Pa gen lenjistis nan kè li.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help