Detewonòm 34 - 1998 Haitian Creole

Lanmò Moyiz

1Moyiz kite plenn Mowab yo, li moute sou Det 32.49 mòn Nebo a, sou tèt mòn Pisga a ki anfas lavil Jeriko a. Antan li la, Senyè a fè l wè tout peyi a, depi zòn Galarad la rive jouk pòsyon tè ki pou Dann lan,

2tout pòsyon ki pou Neftali a, tout peyi Efrayim lan ak peyi Manase a, tout peyi Jida a rive sou lanmè Mediterane a,

3tout Jij 1.16; 3.13; 2 Kwo 28.15 zòn Negèv la, fon larivyè Jouden an, depi plenn Jeriko, lavil pye koko ginen yo, desann jouk lavil Zoa.

4Senyè a Jen 15.18; 50.24; Det 3.27 di li konsa:

— Men peyi mwen te pwomèt Abraram, Izarak ak Jakòb mwen t'ap bay pitit pitit yo k'ap vin apre yo a. Mwen fè ou wè l ak je ou, men ou p'ap antre ladan l.

5Se la Moyiz, sèvitè Senyè a, te mouri nan peyi Mowab la, jan Senyè a te di li t'ap mouri a.

6Senyè a Jid 9 antere l nan peyi Mowab la, nan fon ki anfas Bèt-Peyò a. Jouk jòdi a, pèsonn pa konnen ki kote li antere.

7Lè Jen 27.1; 48.10 Moyiz mouri, li te gen sanventan. Li te wè byen nan je l toujou, li te byen enganm toujou.

8Moun Jen 50.3; Nonb 20.29 pèp Izrayèl yo pase trant jou ap kenbe rèl lanmò Moyiz. Apre sa, yo fini ak tan yo t'ap pase ap kriye lanmò Moyiz la.

Apre sa, yo fini ak tan yo t'ap pase ap kriye pou lanmò Moyiz la.

9Jozye, Egz 28.3; Nonb 27.18,23; Joz 1.17; Eza 11.2 pitit gason Noun lan, te vin gen anpil bon konprann sou li, paske Moyiz te mete men sou tèt li. Moun Izrayèl yo koute tou sa Jozye di yo. Yo fè tou sa Senyè a te bay Moyiz lòd pou yo fè a.

10Depi Egz 33.11; Nonb 12.6-8; Det 4.34; 18.15,18 lè sa a, pa janm gen lòt pwofèt konsa ankò ki parèt nan mitan pèp Izrayèl la tankou Moyiz. Senyè a te konn pale avè l fas pou fas.

11Pa Det 4.34 gen lòt pwofèt ki janm fè tout mirak ak tout mèvèy sa yo Senyè a te voye l al fè nan peyi Lejip, kont farawon an, kont moun k'ap sèvi gouvènman l yo ak tout moun ki te nan peyi a.

12Pa gen lòt pwofèt ki janm gen menm pouvwa sa a pou fè tout kalite gwo bagay sa yo Moyiz te fè devan tout pèp Izrayèl la.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help