1 Korent 15 - 1998 Haitian Creole

Kris la resisite

1Frè m yo, mwen vle fè nou chonje bòn nouvèl mwen te anonse nou an, bòn nouvèl nou te resevwa a. Se ladan l tou nou kanpe byen fèm.

2Se li menm k'ap delivre nou tou, depi nou kenbe l jan mwen te anonse l ban nou an. Si se pa konsa, se ta pou gremesi nou ta mete konfyans nou nan Bondye.

3Bagay nou se moun ki pi malere ki ta gen sou latè.

20Men, Kol 1.18; 1 Kor 11.30 se pa konsa bagay la ye. Okontrè, Kris resisite soti nan lanmò. Konsa li bay garanti tout moun ki mouri gen pou yo resisite tou.

21Paske Jen 3.17-19; Wòm 5.12,18 menm jan se yon sèl moun ki fè lanmò antre sou latè, menm jan an tou se yon sèl moun ki fè moun ki mouri yo kapab leve vivan ankò.

22Menm jan tout moun gen pou mouri paske yo fè yonn ak Adan, konsa tou, tout moun ki fè yonn ak Kris la ap gen lavi ankò.

23Men, 1 Tes 4.16; Rev 20.5 chak moun va leve sòti nan lanmò nan tan pa yo: Kris la an premye anvan tout moun, apre sa, moun ki pou Kris la, se va tou pa yo pou yo leve sòti vivan lè Kris la va tounen ankò.

24Apre Da 2.44 sa, se va lafen. Lè sa a, Kris la menm pral kraze tout chèf, tout otorite ak tout pouvwa. Lè l fini, l'ap renmèt gouvènman peyi kote li wa a nan men Bondye Papa a.

25Paske Sòm 110.1; Mat 22.44 Kris la gen pou l gouvènen tankou yon wa jouk lè Bondye va fin genyen batay la nèt sou tout lènmi l yo, pou l mete yo anba pye li.

26Nan Rev 20.14; 21.4 tout lènmi l yo, se lanmò k'ap kraze an dènye.

27Se Sòm 8.6 sa ki ekri nan Liv la: Bondye mete tout bagay anba pye li. Men, lè yo di: tout bagay, nou tou konprann Bondye pa ladan l, paske se li menm k'ap mete tout bagay sou lòd Kris la.

28Apre tout bagay va vin sou lòd Kris la, li menm, Pitit la, li va soumèt tèt li devan Bondye ki va mete tout bagay anba pye li. Konsa, Bondye li menm va donminen nèt sou tout bagay.

29Kounyeya ann konsidere moun ki resevwa batèm pou moun ki mouri deja yo: Dèyè kisa yo te ye menm lè yo te fè sa? Si se vre moun mouri pa janm leve jan yo di a, poukisa pou yo te resevwa batèm pou moun ki mouri deja yo?

30Epi mwen menm atò, poukisa tout tan m'ap riske lavi mwen konsa?

31Frè m Wòm 8.36; 2 Kor 4.10,11 yo, se chak jou m'ap manke mouri. Si m di nou sa, se paske nou fè mwen kontan anpil jan nou viv ansanm nan Jezikri, Senyè nou an.

32Si Eza 22.13 se te pou rezon lèzòm mete nan tèt yo mwen te goumen yon jan tankou ak bèt fewòs isit nan lavil Efèz la, ki avantaj mwen jwenn nan sa? Yon fwa moun ki mouri p'ap janm leve vivan ankò, ann fè tankou pwovèb la di: Ann manje, ann bwè, paske denmen n'ap mouri.

33Piga nou twonpe tèt nou: move zanmi gate bon levasyon.

34Reprann Wòm 13.11; Ef 5.14; 1 Kor 6.5; Tra 26.8 bon sans nou. Sispann fè peche. M'ap di nou sa pou m fè nou manyè wont, paske gen anpil nan nou ki pa konn Bondye menm.

Ki kalite kò moun mouri leve yo pral genyen

35Men, yon moun va mande m: Ki jan moun ki mouri yo pral leve sòti vivan nan lanmò? Ki kalite kò yo va genyen?

36Ou Jan 12.24 pa konprann anyen, monchè! Lè ou simen yon grenn nan tè, li pa ka leve si l pa mouri anvan.

37Sa ou simen an, se yon grenn li ye, se ka yon grenn mayi, se ka yon lòt kalite grenn. Ou pa janm plante plant lan menm.

38Bondye Jen 1.11 fè chak grenn pouse jan li vle. Li bay chak plant fòm ki ale ak yo.

39Tout vyann pa menm vyann. Moun gen yon kalite vyann, bèt kat pat gen yon lòt kalite vyann, zwazo gen yon lòt kalite vyann, pwason yo gen yon lòt kalite vyann ankò.

40Konsa tou, gen kò ki fèt pou syèl la, gen kò ki fèt pou tè a. Men, yo chak bèl nan jan pa yo: Kò ki fèt pou syèl la gen yon bèlte ki pa menm ak bèlte kò ki fèt pou tè a.

41Limyè solèy la gen bèlte pa l, lalin lan gen bèlte pa l, zetwal yo gen bèlte pa yo tou. Menm nan zetwal yo, yo chak gen bèlte pa yo.

42Se menm jan an sa pral ye lè moun ki mouri yo va leve sòti vivan nan lanmò. Lè yo te antere kò a, se te yon kò ki te kapab pouri. Men, lè kò a va leve sòti vivan nan lanmò, l'ap yon kò ki p'ap kapab pouri.

43Lè Fil 3.20,21 yo te antere l, li te yon kò tou lèd, tou fèb. Men, lè li va leve vivan ankò, l'ap bèl, l'ap gen fòs.

44Lè yo te antere l, li te yon kò ki fèt ak labou. Men, lè la leve vivan, l'ap tounen yon kò ki sòti nan Lespri. Si gen yon kò ki fèt ak labou, fòk gen yon kò ki sòti nan Lespri tou.

45Se Jen 2.7; Jan 6.63; 2 Kor 3.6,17 nan sans sa a yo te ekri: Bondye te kreye premye nonm lan, Adan, ak yon kò ki gen lavi. Men, dènye Adan an, se yon lespri ki bay lavi.

46Se pa kò ki sòti nan Lespri a ki te vin an premye. Se kò ki fèt ak labou a ki te la anvan, kò ki sòti nan Lespri a vin apre.

47Premye Jen 2.7 Adan an, Bondye te fè l ak pousyè tè. Men, dezyèm Adan an, li menm se nan syèl li sòti.

48Tout moun ki pou latè, yo sanble ak moun ki te fèt ak tè a. Tout moun ki pou syèl la, yo sanble ak moun ki sòti nan syèl la.

49Menm Jen 5.3 jan nou te sanble ak moun ki te fèt ak tè a, konsa tou nou gen pou n sanble ak moun ki sòti nan syèl la.

50Men 1 Kor 6.13 sa mwen vle di, frè m yo: Tou sa ki fèt ak vyann epi ak san pa gen plas pou yo nan Peyi kote Bondye wa a. Sa ki fèt pou pouri a pa ka resevwa pouvwa pou l pa janm pouri.

51M'ap 1 Tes 4.15,17 devwale nou yon sekrè: Se pa nou tout k'ap gentan mouri. Men, nou tout nou gen pou n chanje fòm nan yon ti kadè,

52anvan Mat 24.31; 1 Tes 4.16 nou bat je nou, lè dènye kout klewon an va kònen. Paske, lè klewon an va kònen, moun ki te mouri deja yo va leve sòti vivan pou yo pa janm mouri ankò. Apre sa, nou tout nou va chanje fòm.

53Paske, 2 Kor 5.4 moun ki gen kò ki fèt pou pouri a, yo gen pou yo resevwa yon lòt kò ki p'ap ka pouri. Moun ki gen kò k'ap mouri a, yo gen pou yo resevwa yon lòt kò ki p'ap janm mouri.

54Lè Eza 25.8 moun ki gen kò ki fèt pou pouri a va resevwa kò ki p'ap ka pouri ankò a, lè moun ki gen kò k'ap mouri a va resevwa kò ki pa ka mouri a, lè sa a, pawòl ki ekri nan Liv la va rive vre:

Pa gen lanmò ankò, nou genyen batay la nèt.

55Lanmò! Oze 13.14 Kote batay ou genyen an?

Lanmò! Kote pouvwa ou te gen pou fè nou lapenn lan?

56Se Wòm 7.13; 6.14 peche ki bay lanmò pouvwa pou fè nou lapenn. Se lalwa a ki bay peche a tout fòs li.

57Men, ann di Bondye mèsi, li menm ki fè nou genyen batay la sou lanmò gremesi Jezikri, Senyè nou an!

58Konsa, 2 Kwo 15.7; Rev 14.13 frè m yo, kenbe fèm, pa brannen. Se pou n toujou pi cho nan travay Senyè a, paske nou konnen travay n'ap fè pandan n'ap viv ansanm ak Senyè a p'ap janm pèdi.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help