1 Kwonik 12 - 1998 Haitian Creole

Premye patizan David yo

1Lè David t'ap viv lavil Ziklag kote Jismaja, Joz 9.3 moun lavil Gabawon, yonn nan trant vanyan sòlda yo ak yonn nan chèf yo, Jeremi, Jakazyèl, Joanan ak Jozabad, moun lavil Gedera.

5Elouzayi, Jerimòt, Bealya, Chemarya ak Chefatya, moun lavil Awòf,

6Elkana, 1 Kwo 9.19 Jichija, Azariyèl, Joezè ak Jakobeyam, nan branch fanmi Kore a.

7Joela ak Zebadya, pitit gason Jewokam, moun lavil Gedò.

Patizan David nan fanmi Gad la

8Konsa 2 Sam 2.18 tou, nan branch fanmi Gad la, te gen moun ki te pati al jwenn David lè li te nan fò nan dezè a. Se te yon bann vanyan sòlda ki te gen ladrès nan fè lagè. Yo tout te gen plak pwotèj ak frenn. Yo te move tankou lyon, yo te konn kouri tankou kabrit nan mòn.

9Premye a te rele Ezè, dezyèm lan Obadya, twazyèm lan Eliyab,

10katriyèm lan Michmana, senkyèm lan Jeremi,

11sizyèm lan Atayi, setyèm lan Eliyèl,

12uityèm lan Jokanan, nevyèm lan Elzabad,

13dizyèm lan Jeremi, onzyèm lan Makbanayi.

14Mesye branch fanmi Gad yo te chèf nan lame a. Pi piti ladan yo a te vo san (100) sòlda, pi gran an te vo mil (1.000) sòlda.

15Se Joz 3.15 yo menm ki te janbe lòt bò larivyè Jouden an yon lè larivyè a t'ap desann nan premye mwa lanne a. Lèfini, yo fè tout moun ki te rete nan fon yo mete deyò, ni sou bò solèy leve, ni sou bò solèy kouche.

Patizan David nan fanmi Benjamen ak Jida yo

16Nan branch fanmi Benjamen ak branch fanmi Jida yo, te gen yon moun ki te vin jwenn David jouk nan fò kote li te kache a.

17David sòti al kontre yo, li di yo:

— Si se tankou zanmi nou vini pou ede m', mwen byen kontan nou vin jwenn mwen. Men si se pou trayi m' bay moun ki pa vle wè mwen yo, mwen menm, mwen konnen mwen pa fè okenn mechanste, mwen lapriyè Bondye ak tout kè m'. Bondye zansèt nou yo va wè sa, se li ki va pini nou.

18Lè Jij 6.34; 2 Sam 17.25; 1 Kwo 11.11; 2 Kwo 24.20 sa a, lespri Bondye desann sou Amasayi, chèf trant vanyan yo, li di byen fò:

— Nou la avè ou, David!

Nou kanpe avè ou, pitit Izayi!

Kè poze pou ou ak pou moun k'ap ede ou yo!

Paske Bondye te pote ou sekou!

Lè sa a, David resevwa yo, li mete yo chèf nan lame li a.

Patizan David nan fanmi Manase yo

19Nan 1 Sam 29.2-9 branch fanmi Manase a, te gen moun ki te vin jwenn David lè li te mete tèt ansanm ak moun Filisti yo pou goumen ak Sayil. Men, lè sa a, David pat bay moun Filisti yo okenn konkou. Lè gwo chèf moun Filisti yo reyini pou koze sou zafè a, yo te pran desizyon di l non mèsi, paske yo t'ap di li ta ka vann yo pou li te ka byen ankò ak Sayil, mèt li.

20Men moun nan branch fanmi Manase a ki te vin mete tèt ansanm ak David apre li te tounen lavil Ziglag. Se te Adnak, Jozabad, Jedyayèl, Mikayèl, Jozabad, Eliyou ak Siltayi, ki te chèf rejiman mil sòlda laba nan peyi Manase.

21Se 1 Sam 30.8 yo menm ki te ede David ansanm ak lame a, paske se te yon bann vanyan sòlda. Apre sa, yo te gwo chèf nan lame a.

22Se chak jou moun t'ap vin jwenn David pou ede l. Se konsa li vin gen yon gwo lame ak anpil anpil moun ladan l.

Lame David la

23Men 1 Kwo 11.1,3,10 kantite moun avèk zam pou fè lagè ki te vin jwenn David lavil Ebwon pou renmèt li gouvènman an nan plas Sayil, jan Senyè a te bay lòd la.

24Nan branch fanmi Jida a, similwitsan (6.800) gason avèk plak pwotèj yo ak frenn yo, tout byen pare pou fè lagè.

25Nan branch fanmi Simeyon an, sètmilsan (7.100) vanyan sòlda byen pare pou fè lagè.

26Nan branch fanmi Levi a, katmilsisan (4.600),

27plis twamilsètsan (3.700) nan fanmi Mawon an ak Jeojada alatèt yo.

28Te 2 Sam 8.17; 1 Kwo 6.8 gen Zadòk tou, yon jenn vanyan gason ak vennde lot chèf nan fanmi li.

29Nan 2 Sam 2.8,9; 1 Kwo 12.2 branch fanmi Benjamen an, fanmi Sayil la menm, twamil (3.000) gason. Pifò nan moun fanmi Benjamen yo te kanpe toujou avèk Sayil.

30Nan branch fanmi Efrayim lan, venmilwitsan (20.800) vanyan sòlda. Tout moun t'ap nonmen non yo nan fanmi yo.

31Nan mwatye branch fanmi Manase a, dizwitmil (18.000) gason yo te chwazi pou al mete David wa sou fòtèy la.

32Nan Estè 1.13; Mat 16.3 branch fanmi Isaka a, moun ki te fò nan konnen sa pou pèp Izrayèl la fè ak lè pou yo fè l, desan (200) chèf ansanm ak tout gason nan branch fanmi an ki te sou kòmandman yo.

33Nan branch fanmi Zabilon an, senkantmil (50.000) sòlda ki konn mache fè lagè avèk tout kalite zam, epi ki te sòti pou ede David ak tout kè yo.

34Nan branch fanmi Neftali a, mil (1.000) chèf ansanm ak trannsètmil (37.000) gason ak plak pwotèj ak frenn.

35Nan branch fanmi Dann lan venntwitmilsisan (28.600) sòlda.

36Nan branch fanmi Asè a, karantmil (40.000) sòlda ki konn mache fè lagè.

37Lèfini, nan branch fanmi Riben lan, nan branch fanmi Gad la, ak nan mwatye branch fanmi Manase a ki te lòt bò larivyè Jouden an te gen sanvenmil (120.000) gason ak tout kalite zam.

38Tout sòlda sa yo, ki te tou pare pou fè lagè, te vin jwenn David lavil Ebwon ak tout kè yo. Yo te sòti pou yo te fè l wa sou tout peyi Izrayèl la. Tout rès pèp Izrayèl la te vini ak menm lide a tou: fè David wa.

39Yo pase twa jou la ansanm ak David, yo t'ap manje, yo t'ap bwè, paske moun Izrayèl parèy yo te pare tout bagay pou yo.

40Lèfini, moun sòti nan tout vwazinay la, jouk nan peyi Isaka, peyi Zabilon ak peyi Neftali, yo pote manje sou bourik, sou chamo, sou milèt ak sou bèf. Te gen pwovizyon farin frans, gato, fig-frans, grap rezen chèch, diven, lwil ak kantite bèf, mouton ak kabrit. Tout pèp Izrayèl la t'ap fè fèt nan tout peyi a.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help