1Nan senkyèm jou, katriyèm mwa nan trantyèm Yo leve yo jouk pwent zèl yo kontre ak pwent zèl lòt ki bò kote yo a. Yo te kouvri kò yo ak de lòt zèl yo.
12Chak Eze 10.17 kreyati t'ap gade nan tout kat direksyon yo. Konsa yo te kapab mache ansanm pou y'ale kote Lespri Bondye pouse yo ale san yo pa te bezwen vire kò yo.
13Nan Da 10.5,6; Mat 28.3 mitan kat kreyati yo, ou ta di yon gwo boukan dife ak gwo flanm tankou flanm bwa chandèl tou limen ki t'ap ale vini. Dife a te klere anpil. Te gen zèklè ki t'ap soti ladan li.
14Kreyati yo menm t'ap kouri ale vini byen vit tankou zèklè.
15Mwen Eze 10.9,10 t'ap gade kreyati yo, mwen wè kat wou k'ap woule atè, yonn bò yo chak.
16Tout wou yo te parèy. Yo te klere tankou wòch krisolit. Ou ta di yo chak gen yon lòt wou menm gwosè ki pase antravè ladan yo,
17paske Eze 10.11 wou yo te ka woule nan direksyon kat pwen konpa yo san yo pat bezwen vire.
18Jant Eze 10.12; Rev 4.8 wou yo te byen gwo. Yo te kouvri ak je sou tout kò yo.
19Chak Eze 10.16,17 fwa kreyati yo deplase, wou yo deplase ansanm ak yotou. Si yo leve anlè, wou yo leve anlè tou.
20Kreyati yo ale kote pou yo ale a. Wou yo fè tou sa kreyati yo fè. Paske se yo ki t'ap kontwole wou yo.
21Kreyati yo vanse, wou yo vanse tou. Yo rete, wou yo rete tou. Yo leve anlè, wou yo leve anlè tou, paske se yo ki t'ap kontwole wou yo.
22Anwo tèt kreyati yo, te gen yon bagay won anfòm yon gwo bòl bouch anba ki te klere kou kristal.
23Se anba gwo bòl la kreyati yo te kanpe ak de zèl louvri ak pwent yo kontre ak pwent zèl lòt ki bò kote yo a. De lòt zèl yo te fèmen kouvri kò yo.
24Lè Sòm 29.4; 68.33; Eze 43.2; Da 10.6; Rev 1.15 kreyati yo t'ap vole, mwen tande zèl yo t'ap fè yon bri. Ou ta di bri lanmè lè li move. Osnon bri vwa Senyè a lè l'ap pale oubyen bri yon lame moun. Lè yo sispann vole, yo kite zèl yo pandye.
25Men ou te ka tande yon ti bri ki t'ap fèt anwo bòl kristal ki te anlè tèt yo a.
26Anwo Egz 24.10; Eze 10.1; Da 8.15 fòm bòl kristal ki anlè tèt yo a, te gen yon bagay, ou ta di li sanble yon gwo fotèy wòch kristal. Sou fotèy la, gen yon fòm ki chita sou li. Ou ta di se yon moun.
27Depi Eze 1.4; 8.2 nan ren li moute anwo, li te klere tankou kwiv poli. Depi nan ren li desann anba, ou ta di li te nan mitan yon gwo dife ki klere tout kote li te ye a.
28Li Eze 3.23; Da 8.17; Rev 1.17; 4.3; 10.1 te nan mitan yon limyè tout koulè tankou lakansyèl yon jou lapli. Gwo bèl limyè sa a te fè m konprann se Senyè a ki te parèt devan m.
Bondye chwazi Ezekyèl pou travay liLè mwen wè sa, mwen tonbe sou de jenou m, tèt mwen bese jouk atè. Lèfini mwen tande yon vwa moun k'ap pale.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.