Sajès 9 - 1998 Haitian Creole

Lapriyè Salomon pou l mande Bondye Bon Konprann

1— Bondye zansèt mwen yo, Granmèt ki gen bon kè a,

ou menm ki fè tout bagay ak pawòl ou,

2ou menm ki fè moun ak Bon Konprann

pou yo ka donminen sou tou sa ou menm ou kreye,

3pou yo ka dirije tè a yon jan pou moun ka viv sou li apa pou Bondye,

pou yo ka mache dwat devan ou,

pou yo ka rann jistis jan yo wè verite a nan kè yo,

4tanpri, ban mwen Bon Konprann ki chita bò kote ou sou fòtèy la.

Ban mwen yon ti plas nan mitan pitit ou yo,

5paske se sèvitè ou mwen ye, pitit manman m ki te toujou sèvi ou la.

Mwen tou fèb, lavi m pa la pou lontan.

Mwen pa gen kont lespri pou m konprann regleman lajistis ak lalwa.

6Yon moun te mèt bon nèt ale, bon kou l bon,

si li pa gen Bon Konprann ki sòti nan ou a, y'ap pran l pou po patat.

7Se ou menm ki chwazi m pou mete m wa alatèt pèp ou a,

pou m gouvènen pitit gason ak pitit fi ou yo.

8Ou te ban m lòd pou m te bati yon tanp pou ou sou mòn ki apa pou ou a,

yon lotèl nan lavil kote ou moute tant ou a,

yon tant ou kopye sou tant ki apa pou ou a,

tant ou te pare pou ou depi nan konmansman an.

9Se bò kote ou Bon Konprann lan ye.

Li konnen tou sa w'ap fè.

Li te la lè ou t'ap kreye tout bagay.

Li konnen sa ki fè ou plezi, li konnen sa ki dwat dapre kòmandman ou yo.

10Voye li desann sòti nan syèl ki apa pou ou a,

nan syèl kote ou chita sou gwo fòtèy bèl pouvwa ou la.

Tanpri, prese voye l pou l vin travay bò kote m,

pou m ka konnen sa k'ap fè ou plezi.

11Bon Konprann konnen tout bagay, li konprann tout bagay.

L'a fè m mennen bak mwen avèk prekosyon,

l'a pwoteje m avèk bèl pouvwa li a.

12Konsa, w'a dakò ak tou sa m'ap fè.

M'a gouvènen pèp ou a san fè patipri.

M'a merite pou m chita sou fòtèy papa m lan.

13Kimoun ki janm ka konnen plan travay Bondye a?

Kimoun ki janm ka fè lide sa Bondye vle a?

14Se tatonnen lespri moun ap tatonnen.

Lide nou gen nan tèt nou pa byen chita.

15Kò nou ki la pou pouri a rann nanm nou lou.

Kay labou sa a peze anpil sou lespri nou ki pa manke gen traka.

16Atout n'ap fè gwo jefò, se sipozisyon n'ap fè sou sa nou wè sou latè.

Menm sa ki pa twòp pou lespri nou, se avèk jefò nou rive konnen yo.

Atò, se sa ki nan syèl la nou ta ka konprann?

17Pa gen moun ki ka konnen sa ou menm Bondye ou vle,

si se pa ou menm ki ba yo bon konprann,

si se pa ou menm ki voye lespri pa ou la sòti anwo desann sou yo.

18Se konsa moun k'ap viv sou latè yo te rive mennen bak yo dwat,

se konsa ou te moutre moun sa ki fè ou plezi.

Epi, avèk Bon Konprann, ou delivre yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help