1Nou menm pitit, koute konsèy m'ap ban nou. Se papa nou mwen ye.
Fè jan mwen di nou fè a pou nou ka jwenn delivrans.
2Granmèt la vle pou pitit sèvi yon lwanj pou papa yo,
pou pitit gason respekte otorite manman yo.
3Moun ki respekte papa l
ap jwenn padon pou peche l yo.
4Moun ki fè lwanj pou manman li
ap ranmase yon gwo richès sere mete la.
5Moun ki respekte papa l, yon lè pitit pa l yo va fè kè l kontan tou.
Lè l'a lapriyè nan pye Bondye, Bondye va ba li sa li mande a.
6Moun ki fè lwanj pou papa l ap viv lontan.
Moun ki obeyi Granmèt la va fè kè manman l kontan.
7Obeyi papa ou ak manman ou
tankou si se esklav yo ou ye.
8Respekte papa ou, ni nan sa w'ap fè, ni nan sa w'ap di.
Konsa, w'a resevwa benediksyon nan men l.
9Lè yon papa beni pitit li sa bay kay pitit li yo rasin.
Men, madichon yon manman ap kraze fondasyon kay pitit li yo.
10Pa kontan dèske lawont rive papa ou.
Se pa yon bèl bagay pou ou dèske lawont rive papa ou.
11Paske y'ap gen respè pou pitit ki respekte papa li.
Konsa tou, moun ki derespekte manman yo, se va yon wont pou yo.
12Pitit mwen, okipe papa ou lè li grangou.
Pandan tout tan l'ap viv la, pa fè l lapenn.
13Menm si li vin entatad, pran pasyans avè l.
Pa meprize l paske ou menm ou anfòm.
14Bondye p'ap bliye lasistans ou te bay papa ou.
Nan plas peche ou yo, se va yon kay tou nèf w'ap bati.
15Lè w'a anba tray, Granmèt la va chonje.
L'a padonnen peche ou yo ki va fonn tankou bè nan solèy.
16Moun ki lage papa l, se tankou si l te pale Bondye mal.
Moun ki fè manman l fè kòlè, se yon moun ki anba madichon Bondye.
Pa fè grandizè17Pitit mwen, al dousman nan tou sa w'ap fè.
Moun va konsidere ou pi plis pase moun k'ap mache fè kado.
18Plis w'ap vin grannèg, se plis pou ou fè kò ou piti.
Se konsa w'a fè Bondye plezi.
20Granmèt la gen anpil gwo pouvwa.
Se moun ki fè kò yo piti ki fè lwanj li.
21Pa chache konprann bagay ki twò difisil pou ou.
Pa chache konnen bagay ki twò fò pou ou.
22Fè tèt ou travay sou sa Bondye mande ou fè.
Pa okipe bagay ki kache.
23Pa mele nan bagay ki twòp pou ou,
paske sa yo moutre ou la deja depase sa moun ka konprann.
24Anpil moun kite lide yo gen nan tèt yo fè yo pèdi chemen yo.
Move lide k'ap travay nan tèt yo fè yo pèdi lespri yo.
26Moun ki gen tèt di, bout pou bout y'ap nan pwoblèm.
Moun ki renmen danje, danje k'ap touye yo.
27Moun ki gen tèt di pral gen pou l soufri anpil.
Moun k'ap fè peche yo ap mete sou sa yo fè deja.
28Pa gen renmèd pou malè ki tonbe sou moun k'ap fè awogans yo.
Mechanste fin pran rasin nan kè yo.
29Moun ki gen lespri ap kalkile sou pawòl daki yo.
Moun ki gen bon konprann ap pare zòrèy yo pou yo aprann.
Ede moun ki nan nesesite30Menm jan dlo tenyen boukan dife,
se konsa, lè ou fè lacharite, ou jwenn padon pou peche ou.
31Moun ki aji byen ak tout moun ki vin kote yo, se moun ki chonje denmen.
Si pye yo ta rive chape, y'ap toujou jwenn moun pou lonje men ba yo.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.