Jozye 23 - 1998 Haitian Creole

Dènye pawòl Jozye

1Depi lontan Senyè a te fin bay moun Joz 11.23; 13.1; 24.29 pèp Izrayèl yo lapè nan mitan tout lènmi l yo. Jozye bò pa l te fin granmoun. Li te gen anpil laj sou tèt li.

2Li Det 31.28; Joz 24.1; 1 Kwo 28.1 fè rele tout pèp Izrayèl la, tout chèf fanmi yo, tout lòt chèf yo, tout jij yo, tout notab nan peyi a, li di yo:

— Kounyeya mwen fin granmoun!

3Nou Egz 14.14; Joz 10.14,42 te wè tou sa Senyè a, Bondye nou an, te fè tout pèp sa yo ki t'ap kenbe tèt ak nou. Se Senyè a, Bondye nou an, ki t'ap goumen pou nou.

4Koute! Joz 13.2-7 Mwen separe tout peyi a bay chak branch fanmi pòsyon pa yo. Mwen separe ni peyi nou deja pran nan men nasyon nou disparèt yo, ni peyi ki rete pou nou pran nan men kèk lòt nasyon, depi larivyè Jouden bò solèy leve jouk lanmè Mediterane a bò solèy kouche.

5Senyè a, Egz 33.2; 34.11; Nonb 33.53; Det 4.38; 11.23 Bondye nou an, pral pran peyi a nan men moun ki rete la yo, l'ap mete yo deyò pou nou ka pran tè a pou nou, jan Senyè a, Bondye nou an, te di l la.

6Se Det 5.32; 28.14; Joz 1.7 pou nou fè sa nou kapab pou nou toujou swiv tou sa ki ekri nan liv lalwa Moyiz la, san neglije anyen ladan l.

7Pa Egz 23.13,33; Sòm 16.4; Jer 5.7; Sof 1.5 mele avèk moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo. Pa nonmen non bondye yo. Pa pran non bondye yo pou fè sèman. Pa mete ajenou devan bondyè yo. Pa fè sèvis pou yo.

8Se Det 10.20; 11.22; 13.4 Senyè a, Bondye nou an, ase pou nou toujou kenbe fèm, jan nou te toujou fè l jouk jounen jòdi a.

9Senyè a Joz 21.44 te mete yon bann gwo nasyon ki te fò anpil deyò devan nou. Pèsonn pat kapab kenbe tèt ak nou jouk jòdi a.

10Yon Egz 14.14; Lev 26.8; Det 3.22; 32.30; Joz 23.3; Eza 30.17 sèl gason nan mitan nou kont pou fè mil gason nan lènmi nou yo kouri met deyò, paske Senyè a, Bondye nou an, ap goumen pou nou, jan li te di l la.

11Atansyon Joz 22.5 wi! Se pou nou renmen Senyè a, Bondye nou an.

12Si Egz 34.16; Det 7.3; Esd 9.2 nou vire do bay Bondye, si n'al mete tèt nou ansanm ak rès moun lòt nasyon sa yo k'ap viv nan mitan nou, si nou marye ak yo, si nou nan antre sòti avèk yo,

13nou Egz 23.33; Nonb 33.55; Jij 2.3,21 mèt sèten, Senyè a, Bondye nou an, p'ap mete pèp sa yo deyò devan nou ankò. Okontrè l'ap fè yo tounen yon pèlen, yon senn pou fèmen nou, yon fwèt pou dèyè nou, yon grenn sab nan je nou jouk la fè nou disparèt nan bon peyi sa a Senyè a Bondye nou an, te ban nou.

14Mwen Joz 21.45; 1 Wa 2.2 menm, mwen pa lwen kite tè a. Nou tout nou konnen nan kè nou ak nan lespri nou Senyè a, Bondye nou an, te ban nou tout bèl bagay li te pwomèt nou yo. Li kenbe tou sa li te pwomèt, yo tout rive vre.

15Wi, Lev 26.14-39; Det 28.15-68 menm jan Senyè a, Bondye nou an, te fè pou nou tout bèl bagay li te pwomèt nou yo, konsa tou, si nou vire do ba li, l'a voye sou nou tout kalite malè, jouk l'a disparèt nou nèt nan bon peyi Senyè a, Bondye nou an, ban nou an.

16Si Det 4.26 nou pa respekte kontra Senyè a, Bondye nou an, te pase ak nou an, si n'al adore lòt bondye, si n'al fè sèvis pou yo, Senyè a pral move sou nou, epi lapoula, n'ap disparèt nan bon peyi sa a li te ban nou an.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help