Travay 19 - 1998 Haitian Creole

Pòl lavil Efèz

1Antan Apolòs te lavil Korent, Pòl menm t'ap pase nan tout mòn peyi Lazi yo jouk li rive lavil Efèz. Li jwenn kèk disip nan lavil la.

2Li li t'ap preche nan lekòl Tiranis la.

10Pandan dezan, sa mache konsa. Se sa k fè tout moun ki te rete nan pwovens Lazi a, jwif kou moun lòt nasyon yo, yo tout te tande pawòl Senyè a.

Pitit gason Seva yo

11Bondye pase nan Masedouàn ak Lakayi, apre sa pou l'al Jerizalèm. Li t'ap di:

— Apre mwen sòti la, se pou mal wè lavil Wòm tou.

22Lè Tra 17.14; Wòm 16.23; 1 Kor 4.17 sa a, li voye Timote ak Eras, de nan moun ki t'ap ede l nan sèvis la, devan nan peyi Masedouàn. Li menm li rete kèk tan ankò nan pwovens Lazi.

23Se Tra 19.9; 2 Kor 1.8,9 lè sa a yon gwo dezòd pete nan lavil Efèz poutèt chemen Bondye a.

24Te Tra 16.16 gen Demetriyis, yon bòs òfèv, ki te konn fè ak lajan ti eskilti tanp deyès Atemis. Travay sa a te konn rapòte ouvriye yo bon ti kòb.

25Yon jou, li sanble tout ouvriye l yo ansanm ak tout lòt moun ki te konn fè menm travay sa a tou. Li di yo:

— Mesye, nou konnen se travay sa a ki fè nou viv.

26Men, Tra 17.29 nou wè ak je nou, nou tande ak zòrèy nou sa nonm yo rele Pòl la ap fè. L'ap mache di bondye moun fè ak men se pa bondye yo ye menm. Se konsa, li resi rive pran tèt anpil moun, pa isit nan lavil Efèz la ase, men nan tout pwovens Lazi a.

27Talè konsa, metye nou an pral pote move non. Men sa ki pi rèd la ankò, kay deyès Atemis lan pral pèdi repitasyon li. Lè sa a menm, gwo bondye moun ap adore nan tout pwovens Lazi ak toupatou sou latè a pral pase pou anyen.

28Lè yo tande sa, foul moun yo vin ankòlè anpil, yo pran rele:

— Atemis moun Efèz yo, se gwo nègès!

29Dezòd Tra 20.4 la gaye nan tout lavil la. Moun yo pase men yo, yo pran Gayis ak Aristak, de moun Masedwàn ki te ansanm ak Pòl nan vwayaj la, foul la kouri, y'ale nan Estad la.

30Pòl te vle ale li menm tou devan pèp la, men disip yo te di l non.

31Te gen de twa gwo chèf peyi Lazi a ki te zanmi li, yo voye mande li pou li pa fè enpridans parèt nan Estad la.

32Pandan tout tan sa a, te gen gwo bouyay nan asanble a. Yon pòsyon moun t'ap rele yon bagay, yon lòt pòsyon menm t'ap rele yon lòt bagay. Pifò ladan yo pat konnen ojis poukisa yo te sanble.

33Kèk moun nan foul la esplike bagay la bay Aleksann, yon nonm jwif yo te mete alatèt yo. Aleksann fè siy ak men li, li te vle pale pou l pran defans jwif yo devan pèp la.

34Men, lè yo rekonèt se jwif li ye, yo tout pran rele ansanm menm bagay la pandan dezèdetan:

— Atemis moun Efèz yo, se gwo nègès.

35Bout pou bout, sekretè lakomin lan te resi fè foul la sispann rele, li di yo konsa:

— Moun Efèz, koute! Tout moun konnen lavil Efèz se li menm k'ap veye sou kay Atemis, gwo nègès, ansanm ak estati li a ki te tonbe sot nan syèl la.

36Pèsonn pa ka di se pa vre. Se sa ki fè, se pou n mete tèt nou anplas pou n pa fè anyen san nou pa kalkile byen.

37Bon! Mesye sa yo nou mennen isit la, yo pa fè pyès zak derespektan ni pale lèd sou Atemis, deyès nou an.

38Si Demetriyis ak ouvriye l yo gen yon kont yo vle regle ak yon moun, gen jou pou tribinal la travay, epi gen chèf pou sa tou: se la pou y'al pote plent.

39Apre sa, si nou gen lòt reklamasyon nou vle fè, n'a regle sa yon lè tout sitwayen yo va reyini dapre lalwa.

40Ak sa ki pase jodi a, yo kapab al di se revòl n'ap fè kont otorite yo wi. Pa gen rezon pou tout dezòd sa a. Pa gen lòt esplikasyon yo ka bay rasanbleman sa a non.

41Lè li fin di sa, li voye tout moun lakay yo.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help