2 Wa 2 - 1998 Haitian Creole

Eli moute nan syèl

1Lè a te rive pou Senyè a te fè Eli moute nan nan lespri ki sou ou a.

10Eli di li:

— Sa ou mande m la a pa fasil. Men, si ou wè m ak je ou lè m'ap kite ou la, w'ap jwenn sa ou mande a. Men, si ou pa wè m, w'a konnen ou p'ap jwenn li.

11Yo 2 Wa 6.17; Mak 16.19; Rev 11.12 t'ap mache ansanm, yo t'ap pale yonn ak lòt lè yon cha dife ak chwal dife vin nan mitan yo. Epi li pote Eli moute nan syèl nan yon gwo toubouyon.

12Lè 2 Wa 13.14 Elize wè sa, li rele Eli epi li di:

— Papa mwen! Papa mwen! Ou menm ki te tankou yon gwo lame pou pran defans peyi Izrayèl la, ou ale vre!

Epi li pa wè Eli ankò. Yon sèl lapenn pran Elize. Sa fè li chire rad sou li fè de moso.

13Lèfini, li ranmase gwo rad ki te sòti sou zepòl Eli tonbe atè a, epi li tounen. Rive bò larivyè Jouden an li kanpe.

14Li Egz 14.21; Joz 3.16 frape dlo a ak rad ki te sòti sou zepòl Eli a, epi li di byen fò:

— Kote Senyè a, Bondye Eli a?

Li frape dlo a yon dezyèm fwa ak rad Eli a. Dlo a fann de bò. Elize janbe lòt bò larivyè a.

15Lè 2 Wa 2.3 pwofèt Jeriko yo ki te pi devan an wè sa, yo di:

— Lespri Eli a sou Elize!

Yo vin jwenn li, yo bese tèt yo jouk atè devan l.

16Yo 1 Wa 18.12; Tra 8.39 di li:

— Koute. Gen senkant nan nou la a. Nou tout se vanyan gason. Kite n'al chache mèt ou a. Ou pa janm konnen. Lespri Bondye a ka pran l al lage sou yon mòn osinon nan yon fon.

Men, Elize di yo:

— Non. Pa voye pèsonn dèyè l.

17Men yo kenbe la avè l jouk li di yo:

— Bon. Nou mèt ale!

Se konsa yo voye senkant moun yo al chache Eli. Yo pase twa jou ap chache, yo pa jwenn li.

18Yo tounen al jwenn Elize ki te rete ap tann yo lavil Jeriko. Elize di yo:

— Mwen pat di nou nou pat bezwen ale!

Mirak Elize lavil Jeriko

19Moun lavil Jeriko yo vin di Elize:

— Mèt, lavil la bati nan yon bon pozisyon, jan ou ka wè l la. Men, dlo a pa bon, li fè tè a pa bay anyen.

20Elize di yo:

— Pote ti gout sèl nan yon bòl tou nèf ban mwen!

Yo pote veso sèl la bay Elize.

21Elize Egz 15.25; 2 Wa 4.41 moute nan sous la, li voye sèl jete nan dlo a. Lèfini, li di:

— Men sa Senyè a di: M'ap netwaye dlo sa a. Li p'ap janm touye moun ankò, ni li p'ap fè tè a rete san donnen anyen.

22Depi lè sa a dlo a vin bon jouk jounen jòdi a, jan Elize te di l la.

23Elize kite lavil Jeriko, l'ale lavil Betèl. Li t'ap mache sou chemen an konsa, lè yon bann ti gason sòti lavil la, yo pran pase l nan betiz, yo t'ap rele:

— Al fè wout ou, tèt chòv! Al fè wout ou, tèt chòv!

24Elize vire, li gade ti gason yo, li ba yo madichon nan non Senyè a. Lamenm, de lous sòti nan rakbwa a, yo dechire karannde nan ti gason yo.

25Apre 1 Wa 18.19,20 sa, Elize ale mòn Kamèl. Lèfini li tounen lavil Samari.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help