Sofoni 2 - 1998 Haitian Creole

Sofoni mande moun yo tounen vin jwenn Bondye

1Bann san wont! Pran tèt nou. Kalkile Jer 6.15 byen,

2anvan 2 Wa 23.26 nou pase tankou pay van pote ale yon sèl jou, anvan dife kòlè Senyè a tonbe sou nou, anvan jou kòlè Senyè a rive sou nou.

3Nou Sòm 76.9; Eza 26.20; Am 5.6,14,15 menm, pòv malere nan peyi a k'ap fè sa Senyè a bay lòd fè a, vin jwenn li. Fè sa ki dwat devan li. Pa kite lògèy vire tèt nou. Nou pa janm konnen, nou ka chape jou Senyè a va fè wè kòlè li.

Chatiman ki pral tonbe sou lòt nasyon yo

4P'ap Am 1.6-8 rete yon moun lavil Gaza. Lavil Askalon ap tounen yon dezè. Gwo midi, y'ap mete tout moun Asdòd yo deyò. Y'ap depòte tout moun Ekwon yo.

5Madichon Joz 13.3; Eze 25.16 pou moun peyi Filisti yo ki rete tout bò lanmè a! Senyè a ban nou santans nou, nou menm moun Filisti ki rete nan peyi Kanaran an. L'ap detwi nou nèt, li p'ap kite yon moun nan peyi a.

6Tout bò lanmè a pral tounen savann kote gadò mouton va mennen bèt yo vin manje.

7Ti Zak 10.3; Lik 1.68 ponyen moun ki va rete nan fanmi Jida a va gen tout bò lanmè a pou yo. Se la y'a mennen mouton yo al manje. Nan aswè, yo va ale dòmi nan kay lavil Askalon yo. Senyè Bondye yo a va fè kichòy pou yo. L'a fè yo leve tèt yo ankò.

8Senyè a Jer 48.27; Eze 25.3,6 di ankò!

— Mwen te tande jan moun peyi Mowab yo ak moun Amon yo t'ap joure pèp mwen an. Yo t'ap pale yo mal. Yo t'ap mache di yo pral pran peyi a nan men yo.

9Se Det 29.23 poutèt sa, mwen menm Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye vivan pèp Izrayèl la, mwen sèmante sou tèt mwen, sa ki te rive lavil Sodòm lan, se sa ki pral rive peyi Mowab la. Sa ki te rive lavil Gomò a, se sa ki pral rive peyi moun Amon yo. Yo pral tounen yon kote se pikan chadwon ase ki pral leve, yon min sèl, yon dezè pou tout tan. Ti ponyen ki va rete nan moun pèp mwen yo va piye yo, ti ponyen ki va rete nan moun k'ap sèvi m yo va pran peyi a pou yo.

10Se Eza 16.6 sa ki pral rive moun Mowab yo ak moun Amon yo, paske yo te gen lògèy, yo t'ap pale pèp Senyè ki gen tout pouvwa a mal. Yo t'ap mache di yo pral pran peyi a nan men yo.

11Senyè a Sòm 22.27; Mal 1.11 pral fè yo pase pa yo. Li pral disparèt tout bondye moun sou latè yo ap sèvi. Lèfini, tout nasyon toupatou sou latè pral adore l, yo chak nan peyi pa yo.

12Nou menm tou, moun peyi Letyopi yo, Senyè a ap touye nou nan lagè!

13Senyè a Eza 10.12; Na 3.7 va leve men l bò nan nò, l'ap detwi peyi Lasiri. L'ap fè lavil Niniv tounen yon savann, yon tè sèk tankou dezè.

14Se Eza 34.11,13,14; Jer 22.14,15 la tout kalite bèt savann pral chwazi fè kay. Koukou ak zagoudi pral fè nich nan mitan demoli kay wòch yo. Y'ap rele bò fennèt yo. Kaw va rele nan papòt kay yo. Moun rache tout bwa sèd nan chapant kay yo.

15Men Eza 47.8; Jer 19.8; Na 3.19 sa ki pral rive lavil kote moun t'ap pran plezi yo, lavil kote moun te mete nan tèt yo anyen pa ka rive yo, lavil kote moun yo t'ap di nan kè yo: Se mwen menm sèl chèf! Pa gen lòt! Tout moun k'ap pase bò la pral sezi, y'ap mete men nan tèt lè yo wè sa ki rive.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help