1Poukisa Sòm 13.1; 22.11 ou rete lwen konsa, Senyè?
Poukisa ou kache kò ou konsa lè nou nan ka?
2Mechan Pwo 5.22 ap gonfle lestomak yo, y'ap pèsekite malere.
Se pou pye l pran nan pèlen li menm li tann lan.
3Mechan ap vante tèt yo
pou move lanvi ki nan lide yo.
Lanbisyon fè yo pale mal, yo vire do bay Bondye.
4Mechan Sòm 14.1; 53.1 yo tèlman gonfle ak lògèy, y'ap mache di: — Bondye p'ap pini nou.
Yo menm di pa gen Bondye. Se sa ase mechan yo met nan tèt yo.
5Tou sa li fè toujou mache byen.
Li pa konprann jijman Bondye yo.
L'ap meprize lènmi l yo.
6L'ap Rev 18.7 di nan kè l: Anyen pa ka brannen m.
Mwen p'ap janm nan pwoblèm.
7Tout Jòb 20.12; Wòm 3.14 pawòl li se madichon, se manti, se twonpe moun.
Li cho konsa pou l pale moun mal, pou l di gwo mo.
8Li kache kò l nan ti bouk yo,
l'ap pare tann inonsan yo pou l touye yo an kachèt.
L'ap veye moun ki san defans.
9Li Jòb 38.40; Sòm 17.12; Mi 7.2 anbiske kò l tankou yon lyon nan kachèt li.
Li kouche, l'ap tann malere yo.
Li pran yo nan pèlen li, li trennen yo pote ale.
10Li bese, li kwoupi kò l, malere yo tonbe nan men l.
11Mechan Jòb 22.13; Sòm 94.7; Eze 9.9 yo di nan kè yo:
— Bondye p'ap okipe bagay konsa.
Li fèmen je li, li p'ap janm wè yo.
12Leve Sòm 3.7; 9.12,18 non, Senyè! Vin sove mwen!
Bondye, pa bliye moun y'ap peze yo!
13Ki jan mechan an fè ap meprize Bondye
jouk pou li di nan kè l: Li p'ap pini mwen?
14Men, Sòm 33.13; 146.9; 1 Pyè 4.19 ou make tout bagay. Ou konnen soufrans ak lapenn lèzòm.
Ou toujou pare pou ede yo.
Moun ki san defans yo, se nan men ou yo lage kòz yo,
paske ou toujou ede moun ki san papa.
15Kraze Sòm 37.17; Eza 41.12 pouvwa mechan yo, pouvwa moun k'ap fè mal yo.
Fè yo rann kont pou sa yo fè, jouk yo disparèt nèt devan je ou.
16Senyè a, Egz 15.18; Sòm 29.10; Rev 11.15 se wa li ye depi tout tan ak pou tout tan.
Moun lòt nasyon yo gen pou disparèt nan peyi li a.
17Senyè, 1 Kwo 29.18 wa koute moun ki soumèt devan ou lè y'ap lapriyè.
W'a ba yo kouray.
18W'a Sòm 9.19; 82.3; Eza 1.17 tande rèl moun y'ap peze yo, rèl timoun ki san papa yo.
W'a fè yo jistis.
Konsa, lèzòm ki fèt ak pousyè tè p'ap kapab fè moun pè ankò.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.