Si yo nan gwo dlo, anyen p'ap rive yo.
7Se Egz 15.1-18; Jij 5.1-31; Sòm 9.9; 31.20; 119.114 bò kote ou mwen vin kache.
Jou malè w'ap delivre m.
M'ap chante fè konnen jan ou pwoteje m.
8Senyè a Sòm 25.8,12; Eza 48.17 di: M'a louvri lespri ou sou anpil bagay. M'a moutre ou chemen pou ou swiv la.
M'a ba ou bon konsèy. M'ap voye je sou ou.
9Pa Jòb 35.11; Pwo 26.3 fè tankou chwal osinon tankou milèt ki san konprann.
Yo blije mete bosal ak brid nan bouch yo pou donte yo.
Si se pa sa, ou pa ka pwoche bò kote yo.
10Mechan Sòm 34.8; Pwo 13.21; 16.20; Jer 17.7; Wòm 2.9 yo gen pou yo soufri anpil.
Men, Senyè a ap toujou pwoteje moun ki met konfyans yo nan li paske li renmen yo.
11Nou Sòm 64.10; 68.3 tout k'ap viv jan Bondye vle l la, fè kè nou kontan,
chante pou sa Senyè a fè pou nou.
Nou tout k'ap mache dwat devan Bondye,
rele, fè wè jan nou kontan.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.