1Nou menm moun, se nan vant fanm Jen 47.9; Jòb 5.7; 10.20; 15.14; Sòm 39.5; 89.47 nou sòti.
Lavi nou kout, men li pa manke traka!
2Nou Jòb 8.9; 17.7; Sòm 90.6; 103.15; 109.23; Ekl 6.12; Eza 40.6,7; Jak 1.10; 1 Pyè 1.24 parèt tankou yon flè. Epi lamenm nou fennen.
Nou disparèt tankou yon nyaj k'ap pase.
3Epi, Sòm 8.4; 143.2; 144.3 Bondye, se sa w'ap louvri je ou gade.
Se sa w'ap fè kanpe devan ou pou jije l?
4Ki Jòb 15.14; Sòm 51.5; Jan 3.6 moun ki ka fè dlo pwòp sòti nan yon sous sal?
Pèsonn moun.
5Tan Jòb 7.1; 21.21; Sòm 39.4 chak moun gen pou l viv la fikse deja depi lontan.
Kantite mwa li gen pou l viv la, se nan men ou sa rete.
Anyen pa ka chanje.
6Tanpri, Jòb 7.1,19 wete je ou sou mwen. Kite m pran yon ti souf.
Tankou moun ki fin pase yon jounen ap travay di, kite m pran yon ti kanpo.
7Toujou gen yon ti espwa pou yon pyebwa.
Yo te mèt koupe l, l'ap toujou pouse ankò, li p'ap mouri.
8Rasin Eza 11.1 li yo te mèt fin vye nan tè a,
bout chouk la te mèt fin chèch,
9depi li jwenn dlo, l'ap boujonnen,
l'ap pouse kreyòl.
10Men Jòb 20.7 moun, depi yo mouri, yo tounen kadav.
Lè yo kase kòd, ou pa wè koteyo fè.
11Letan Eza 19.5 ka cheche,
larivyè ka sispann koule.
12Men, Sòm 72.5; 89.29; Jan 11.11 kote yon moun mouri kouche a, pa gen leve pou li ankò.
Poul va fè dan anvan y'a leve vivan ankò,
anvan y'a leve sòti nan dòmi yo a.
13Si Jòb 21.13; Eza 26.20 sèlman ou ta vle kache m nan peyi kote mò yo ye a?
Si ou te ka kite m la jouk kòlè ou la fin pase?
Apre sa, ou ta fikse yon dat pou chonje m ankò.
14Men, Jòb 7.1 sa m'ap di la a? Eske moun mouri ka leve?
Sa pa fè anyen. Mwen ta tann move tan sa a fin pase,
jouk sa ta bon pou mwen ankò.
15Lè Jòb 10.3; 13.22 sa a, ou ta rele m, mwen ta reponn ou.
Ou ta kontan wè sa ou te fè ak men ou lan.
16Lè Jòb 31.4 sa a, ou ta gade jan m'ap mache a,
men, ou pa ta chonje sa m te konn fè ki mal.
17Ou Det 32.34; Oze 13.12 ta padonnen m peche m yo,
ou ta mare yo tout fè yon pakèt voye jete.
18Rive Jòb 18.4; Eza 34.4 yon lè se pou mòn yo anfale,
se pou wòch yo woule desann.
19Rive yon lè, dlo ap fin manje wòch yo,
lapli ap fin bwote tout tè a desann.
Konsa tou, rive yon lè, ou wete tout espwa nan kè moun.
20Ou kraze yo nèt anba men ou, epi yo mouri.
Ou fè moun pa ka rekonèt yo, epi ou voye yo ale.
21Moun Ekl 9.5 fè lwanj pitit mò yo, men mò yo menm yo pa konn anyen.
Moun pase yo nan betiz, men yo menm, sa pa di yo anyen.
22Yon sèl soufrans yo santi se sa k'ap manje yo nan tout kò yo a.
Se pou tèt pa yo ase y'ap plenyen!
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.