Chirasid 18 - 1998 Haitian Creole

Ala pouvwa Bondye genyen!

1Sila k'ap viv pou tout tan an, se li ki kreye dènye bagay ansanm.

2Se li menm Granmèt la sèl y'ap rekonèt ki dwat.

4Li pa bay pèsonn pouvwa pou fè konnen tou sa li fè.

Pa gen moun k'ap janm fin dekouvri tout bèl bagay li fè yo.

5Ki moun ki ka mezire gwo bèl pouvwa li?

6Nou pa ka ni mete ni wete sou sa li fè.

Pèsonn pa ka fin dekouvri tout bèl bagay Granmèt la fè.

7Lè yon moun kwè li fin rakonte, se tankou si l potko janm konmanse.

Lè li pe bouch li, li pa konn sa pou l di ankò.

Moun pa anyen

8Kisa moun ye menm? Pou kisa yo bon?

Ki byen yo ka fè? Ki mal yo ka fè?

9Konbe tan yon moun ka rive viv?

Santan pou pi plis.

10Lè ou mete ti tan sa a bò tan ki p'ap janm fini an,

se tankou yon gout dlo nan lanmè, osinon yon ti grenn sab.

11Se poutèt sa Bondye pran anpil pasyans konsa ak moun.

Li gen pitye anpil pou yo.

12Li voye je gade nou, li konnen jan nou gen pou nou fini mal.

Se poutèt sa li toujou pare pou li padonnen nou.

13Yon moun ap gen pitye pou frè parèy li ase.

Men, Granmèt la gen pitye pou tout moun.

Li korije nou, li rele dèyè nou, li moutre nou anpil bagay.

Tankou yon gadò mouton, li mennen nou tounen vin jwenn li.

14Li gen pitye pou moun ki asepte disiplin li,

pou moun k'ap tann konsa pou li di yo sa yo fè ki mal.

Jan pou nou bay

15Pitit mwen, lè w'ap lonje men bay yon moun, pa pwofite pou rale zòrèy li.

Lè w'ap bay yon moun kado, pa di l anyen ki pou fè l lapenn.

16Menm jan lawouze desann chalè a,

se konsa yon pawòl dous pi bon pase kado ou bay la.

17Wi, yon pawòl dous pi bon lontan pase yon kado ki koute chè.

Men, yon moun ki gen bon kè ap bay tou de.

18Moun sòt pa vle bay, lèfini y'ap fè moun wont.

Sa ou bay ak de kè lakòz moun kriye.

Al dousman

19Anvan ou pale, chache konnen.

Anvan ou tonbe malad, swen kò ou.

20Anvan yo jije ou, gentan egzaminen tèt ou.

Lè Bondye va vin mande ou kont, l'a padonnen ou.

21Anvan ou tonbe malad poutèt peche ou yo, bese tèt ou mande padon.

Lè ou fè peche, moutre jan ou regrèt sa.

22Lè ou fè yon ve bay Bondye, pa kite anyen anpeche ou kenbe l lè lè a rive.

Pa tann se lè ou pral mouri pou ou regle sa ou gen pou fè.

23Anvan ou fè yon ve bay Bondye, pare kò ou.

Pa fè tankou moun k'ap sonde Granmèt la.

24Chonje kòlè Bondye pral fè lè dènye jou a va rive.

Ou pa ta renmen pou jou jijman an, li vire tèt li pou l pa gade ou, pa vre?

25Lè ou gen tou sa ou bezwen, chonje grangou.

Lè ou rich, chonje lamizè ak nesesite.

26Sòti nan maten rive nan aswè anpil bagay ka gentan rive.

Tout bagay pase byen vit devan Granmèt la.

27Moun bon konprann mache sou prigad yo nan tou sa y'ap fè.

Jou tout moun ap lage kò yo nan fè peche, yo menm y'ap veye pou yo pa fè sa ki mal.

28Tout moun lespri konnen sa ki rele gen bon konprann.

Y'ap fè lwanj moun ki jwenn li.

29Moun ki konnen yo, moun ki konn pale yo, yo menm tou ap moutre jan yo gen bon konprann.

Se bon konsèy byen chita ase k'ap sòti nan bouch yo.

Konn kontwole tèt ou

30Pa kite gwotanta fè ou pèdi tèt ou.

Kontwole lanvi ki nan kè ou.

31Si ou bay tèt ou tou sa ou anvi,

moun ki pa vle wè ou yo ap pase ou nan rizib.

32Pa lage kò ou nan lavi plezi.

Tout depans sa yo ap fè ou pòv.

33Si ou pa gen senk kòb nan pòch ou,

pa prete lajan pou fè fèt. Sa ap rann ou pi pòv.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help