1(1b) Lwanj pou Bondye! Se li ki pwoteksyon mwen,
se li ki moutre m jan pou m goumen,
se li ki pare m pou m al nan batay.
2Se Sòm 18.2,47 sou li mwen konte se li ki tout defans mwen.
Se li ki sèvi m ranpa, se li ki tout delivrans mwen,
Se li ki pwoteksyon mwen, se anba zèl li mwen kache.
Se li ki fè pèp li soumèt devan mwen.
3Senyè, Sòm 8.4 kisa moun ye pou w'ap fè tèt ou travay pou yo konsa?
Kisa yo ye menm pou ou pran ka yo?
4Moun Sòm 39.5; 102.11 tankou lafimen.
Lavi yo tankou nyaj k'ap pase.
5Senyè, Sòm 18.9; 104.32; Eza 64.1 bese syèl la, desann.
Manyen mòn yo, fè yo fè lafimen.
6Voye Sòm 18.14 flèch ou yo. Fè lènmi m yo gaye.
Fè yo kouri ak kout zèklè.
7Rete Sòm 18.16; 69.14 nan syèl la, lonje men ou pran m.
Rale m sòti nan mitan gwo dlo yo.
Delivre m anba men moun lòt nasyon yo.
8Bonjou Sòm 12.2; Eza 62.8 yo pa laverite.
Menm lè y'ap sèmante, se manti y'ap fè.
9M'ap Sòm 33.2,3 chante yon kantik tou nèf pou ou, Bondye.
M'ap chante, m'ap jwe gita pou ou.
10Se ou menm ki fè wa yo genyen nan lagè.
Se ou ki delivre David, sèvitè ou la.
11Delivre m anba bann mechan sa yo ki sòti pou touye m,
delivre m anba men moun lòt nasyon yo.
Bonjou yo pa laverite.
Menm lè y'ap sèmante, se manti y'ap fè.
12Se Sòm 128.3 pou pitit gason nou yo tankou jenn plant k'ap pouse.
Se pou pitit fi nou yo tankou bèl poto byen travay ki nan tout kwen Tanp lan.
13Se Lev 26.3-10 pou galata nou yo plen manje tout kalite,
se pou mouton ki nan savann nou yo fè anpil anpil pitit.
14Se Eza 24.11 pou bèf nou yo toujou bay rapò,
san yo pa fè avòtman, ni pèt.
Se pou lènmi pa anvayi peyi a. Pa kite yo depòte nou.
Se pou pa gen okenn rèl nan lari nou yo.
15Ala Det 33.29; Sòm 33.12; 146.5 bon sa bon lè sa mache konsa pou pèp la!
Ala bon sa bon pou yon pèp ki gen Senyè a pou Bondye li!
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.