Jòb 40 - 1998 Haitian Creole

1Senyè a pale ak Jòb. Li di l konsa:

2— Jòb Jòb 33.13 monchè, ou menm ki t'ap kenbe tèt ak Bondye ki gen tout pouvwa a, ou p'ap kite pou li?

Ou menm ki t'ap kritike Bondye a, ou vle reponn li kounyeya?

3Jòb reponn Senyè a, li di l konsa:

4— Mwen Esd 9.6; Jòb 21.5 pat konn sa m t'ap di. Kisa pou m reponn ou?

Se fèmen pou m fèmen bouch mwen.

5Mwen Sòm 62.11 pale twòp deja.

Mwen pa gen anyen pou m di ankò.

Dezyèm koze Bondye ak Jòb

6Senyè a rete nan van tanpèt la, li pale ak Jòb ankò. Li di l:

7— Kounyeya, kanpe! Jòb 38.3 Mete gason sou ou!

Mwen pral poze ou kèsyon, se pou ou reponn mwen.

8Eske Jòb 32.2 ou sòti vre pou moutre se lenjistis m'ap fè ou?

Se mwen menm ki antò, ou menm ou gen rezon?

9Eske Jòb 37.4; Sòm 89.13; Eza 63.12 ou gen menm fòs avè m?

Eske vwa ou ka gwonde tankou vwa pa m?

10Si Sòm 93.1; 104.1 se konsa, kanpe non! Kenbe tèt ou byen dwat!

Gade tout moun nan je!

Mete chèf sou ou! Fè wè pouvwa ou!

11Gade Eza 2.11; Da 4.37 moun k'ap gonfle lestonmak yo nan je.

Move sou yo! Kraze kouray yo!

12Wi. Eza 63.3 Gade yo nan je. Fè yo bese tèt yo!

Kraze mechan yo la kote yo ye a!

13Mete Eza 2.10 yo tout anba tè.

Mare bouch yo tout nan twou kote mò yo ye a.

14Lè Eza 59.16 sa a, mwen menm, m'a fè lwanj ou,

dèske avèk pwòp fòs ou ou te rive kraze yo.

15Gade gwo bèt lèd yo rele Beyemòt la.

Se mwen ki fè l, menm jan se mwen ki fè ou.

Se zèb li manje tankou bèf.

16Tout fòs li, se nan ren l.

Tout kouray li, se nan venn vant li.

17Ke l kanpe tankou yon pye sèd.

Venn janm li yo fè boul.

18Zo l yo di tankou fè tiyo.

Janm li yo tankou de bout fè.

19Nan tout bèt mwen fè, se li ki pote premye pri.

Se mwen ki kreye l la sèlman ki ka fè l bat ba.

20Li Sòm 104.26 manje zèb ki pouse sou mòn

kote lòt bèt nan bwa ap pran plezi yo.

21Li Sòm 68.30 kouche anba raje.

Li kache nan mitan wozo marekay yo.

22Raje yo fè lonbray pou li.

Pye sikren bò larivyè yo ap pwoteje l.

23Larivyè ap desann, sa pa di l anyen.

Larivyè Jouden gonfle rive wotè bouch li, li kèpòpòz.

24Ki moun ki ka pete je l pou mete men sou li?

Ki moun ki ka pèse bwa nen l ak yon fwenn bwa.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help