1Sis jou anvan fèt Pak jwif yo, Jezi
35Jezi Jan 8.12; 9.5; 11.10 reponn yo:
— Nou gen limyè a la avè nou, men pa pou lontan. Mache pandan nou gen limyè a pou fènwa pa bare nou. Moun k'ap mache nan fènwa pa konnen kote l prale.
36Mete Ef 5.8; Mat 23.39 konfyans nou nan limyè a pandan nou genyen l lan, pou nou kapab moun limyè a.
Jwif yo refize kwè nan JeziApre li fin di yo pawòl sa yo, Jezi wete kò l, l'al kache byen lwen.
37Atout li te fè tout mirak sa yo devan yo, yo pat kwè nan li.
38Se Eza 53.1; Wòm 10.16 konsa, pawòl pwofèt Ezayi te di a rive vre:
Bondye, kilès ki te kwè mesay nou te bay la?
Ki moun ki te rekonèt travay Bondye a nan sa ki rive a?
39Non. Yo pat kapab kwè, paske men sa Ezayi te di ankò:
40Bondye Eza 6.9,10; Mat 13.14,15 bouche je yo.
Li bouche lespri yo,
pou yo pa wè,
pou yo pa konprann,
pou yo pa tounen vin jwenn mwen pou m' ka geri yo.
41Ezayi Eza 6.1 te di sa paske li te wè pouvwa Jezi, epi li pale sou li.
42Malgre Jan 7.48; 9.22 sa, menm pami chèf jwif yo, anpil moun te kwè nan Jezi. Men, akòz farizyen yo, yo pat kite moun wè sa pou yo pat mete yo deyò nan sinagòg la.
43Yo Jan 5.44 te pito lwanj ki sòti nan men lèzòm pase lwanj ki sòti nan men Bondye.
Pawòl Jezi yo ap jije lèzòm44Jezi Mat 10.40 pale byen fò, li di:
— Moun ki kwè nan mwen, se pa nan mwen sèlman li kwè, men li kwè nan moun ki voye m lan tou.
45Moun Jan 14.9 ki wè m, li wè moun ki voye m lan tou.
46Mwen Jan 8.12; 12.35 menm, mwen se limyè pou lemonn lan. Moun ki kwè nan mwen, yo p'ap rete nan fènwa.
47Lè Jan 3.17; 8.15; Lik 9.56 yon moun tande pawòl mwen yo, si l pa kenbe yo, se pa mwen k'ap kondannen li. Paske, mwen vin pou delivre moun, mwen pa vin pou kondannen yo.
48Men, Eb 4.12; Rev 19.15 moun ki refize kwè nan mwen, ki pa asepte pawòl mwen yo, li jwenn ak sa k'ap kondannen l lan: Pawòl mwen te di yo, se yo menm k'ap kondannen l lè dènye jou a va rive.
49Se pa pawòl pa m m'ap pale la a. Men, Papa ki voye m lan, se li menm ki ban m lòd sa pou m di ak sa pou m pale.
50Mwen Jan 8.26,28 menm, mwen konnen tout kòmandman l yo bay lavi ki p'ap janm fini an. Se sa k fè sa m'ap di a, m'ap di l jan Papa m te ban m lòd la.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.