1Lè sa a, disip yo pwoche kot Jezi, yo ki nan syèl la pa ta renmen wè yon sèl nan ti piti sa yo rive pèdi.
Lè yon frè fè sa ki mal(Lik 17.3)15— Si ale jwenn li, rele l apa. Fè l wè sa li fè a mal. Si li koute ou, se mete w'a mete frè ou ankò sou bon chemen.
16Men, Det 19.15 si li pa vle koute ou, pran yonn osinon de lòt moun avè ou. Konsa, tout bagay va regle sou depozisyon de osinon twa temwen.
17Si l 1 Kor 5.13 refize koute yo tou, lè sa a w'a di legliz la sa. Si l refize koute legliz la, ou mèt gade l tankou yon etranje pou ou, tankou yon pèseptè kontribisyon.
Bagay moun ka fè ak bagay yo pa ka fè18— Se Mat 16.19; Jan 20.23 vre wi, sa m'ap di nou la a: Tou sa n'a defann moun fè sou latè, yo p'ap kapab fè l nan syèl la nonplis. Tou sa n'a pèmèt moun fè sou latè, y'a kapab fè l nan syèl la tou.
19— Men Mak 11.24 sa m'ap di nou ankò: Si de nan nou mete yo dakò sou latè pou mande nenpòt ki bagay lè y'ap lapriyè, Papa m ki nan syèl la va ba yo li.
20Paske, Mat 28.20; Jan 14.23 chak fwa de ou twa moun mete tèt yo ansanm nan non mwen, m'ap la nan mitan yo.
Parabòl domestik ki te refize padonnen zanmi l lan21Lè sa a, Pyè pwoche bò kote Jezi, li di l konsa:
— Mèt, konbe fwa pou m padonnen frè m lè li fè m yon bagay mal? Sèt fwa konsa?
22Jezi Lik 17.4 reponn li:
— Non, Pyè. Mwen pa di ou padonnen l sèt fwa, men padonnen l swasanndis fwa sèt fwa.
23Men ki jan sa ap pase nan Peyi Wa ki nan syèl la: Se tankou yon wa ki te vle fè regleman ak domestik li yo.
24Li te fenk konmanse fè regleman an lè yo mennen yonn ba li ki te dwe l senkantmil (50.000) goud.
25Men, nonm lan pat gen dekwa peye tout lajan sa a. Mèt la bay lòd pou yo vann li tankou esklav, li menm, madanm li, pitit li yo ansanm ak tou sa l te genyen, pou peye dèt la.
26Domestik la tonbe ajenou devan mèt la, li di li: Mèt, tanpri souple, pran yon ti pasyans pou mwen, m'a peye ou tout lajan an.
27Kè mèt domestik la fè l mal, li kite lajan an pou li, li kite l ale.
28— Lè domestik la sòti, li kontre ak yon kanmarad ki te dwe l san (100) goud. Li kenbe l, li pran trangle l, li di li: Peye m sa ou dwe m lan.
29Kanmarad la lage kò l atè, li di lòt la: Tanpri, pran yon ti pasyans pou mwen, m'a peye ou.
30Men, lòt la pa tande. Li fè mete kanmarad la nan prizon, pou jouk lè li fin peye sa li dwe a.
31Lè lòt domestik yo wè sa k te rive, sa te fè yo mal anpil. Y'al rakonte mèt la sa k te pase.
32Lè sa a, mèt la fè rele domestik la. Li di l konsa: Gade jan ou mechan! Mwen kite tout lajan sa a pou ou paske ou te mande m fè sa pou ou.
33Ou te dwe gen pitye pou kanmarad ou a menm jan mwen te gen pitye pou ou a.
34Mèt Mat 5.26 la fè gwo kòlè, li fè mete mesye nan prizon pou yo bat li jouk lè li fin peye tou sa l te dwe a.
35— Se Mat 6.14,15 konsa Papa m ki anwo nan syèl la va aji ak nou, si nou pa padonnen frè nou yo ak tout kè nou.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.