1Apre sa, mwen wè yon lòt zanj desann sòti Rev 10.1; Eze 43.2 nan syèl la. Li te gen gwo pouvwa nan men li. Li te klere byen bèl, li klere tout latè.
2Li Da 4.30; Rev 14.8; Eza 13.21; 21.9; 34.11; Jer 9.11; 50.39; 51.8 t'ap pale byen fò, li t'ap di:
Aa, li fini! Gwo vil Babilòn lan fini!
Koulyeya, se la denmon rete.
Se la tout kalite movèzespri al sere kò yo.
Se la tout kalite zwazo ki pa bon pou moun k'ap sèvi Bondye manje, zwazo moun fèt pou rayi yo, se la yo rete.
3Paske, Eza 23.17; Na 3.4; Jer 25.15,27; 51.7 li fè tout nasyon yo bwè nan diven l lan, diven gwo imoralite l la.
Wa latè yo lage kò yo nan dezòd ansanm avè li.
Tout kòmèsan latè yo rich sou tèt li, pou kantite lajan li depanse nan banbòch.
4Apre Eza 48.20; 52.11; Jer 50.8; 51.6,9,45 sa, mwen tande yon lòt vwa ki t'ap sòti nan syèl la, li t'ap di:
Nou menm pèp mwen, wete kò nou nan mitan lavil sa a,
pou nou pa patisipe nan peche l yo,
pou nou pa tonbe ansanm avè l anba kalamite ki pral frape li yo.
5Paske, Jen 18.20,21; Jer 51.9 peche l yo fè pil sou pil rive jouk nan syèl la.
Bondye chonje tou sa li fè ki mal.
6Se Sòm 137.8; 2 Tes 1.6; Jer 50.15,29 pou n aji avè l menm jan li te aji avèk nou.
Pou tou sa li fè yo, n'a peye l de fwa lavalè.
Plen gode l ak yon gwòg de fwa pi fò pase sa l te pare pou nou an.
7Jan Jer 50.29; Eza 47.7,8 li fè lwanj tèt li, jan li pran plezi l,
se konsa tou pou n fè l soufri, pou nou ba l anpil lapenn.
Li t'ap di nan kè l: Kote m chita a, se larenn mwen ye.
Mwen pa pèdi mari m, mwen p'ap janm gen lapenn.
8Se Eza 47.9; Jer 50.34; Rev 17.16 poutèt sa, tout kalamite l yo ap tonbe sou li yon sèl jou:
gwo maladi, lapenn ak grangou.
Dife ap boule li nèt.
Paske, Bondye k'ap jije l la se yon Mèt ki gen pouvwa.
9Tout Eze 26.16; 27.30-35; Eza 23.17; Rev 17.2 wa latè ki te lage kò yo nan fè imoralite ak nan pran plezi avè l yo pral rele, yo pral kriye, yo pral plenn sò lavil la, lè y'a wè lafimen dife k'ap boule l la.
10Y'a Da 4.30; Eze 26.17; Eza 21.9; Jer 51.8; Rev 14.8 rete byen lwen tèlman yo pral pè lè y'a wè jan li pral soufri a. Y'a di konsa:
— Gade yon malè! Ala malè pou gwo lavil la! Ou menm Babilòn, lavil ki fò a, yon sèl moman kont pou pini ou!
11Kòmèsan Eze 27.31,36 latè yo tou t'ap rele, yo t'ap kriye pou li, paske pat gen pèsonn ankò pou achte machandiz yo:
12lò, Eze 27.12,13,22 ajan, bèl pyè ki koute chè ak bèl grenn pèl, bèl twal fen, twal koulè vyolèt, twal koulè wouj, bèl swa, tout kalite bèl bwa ki santi bon, tout kalite bagay ki fèt an ivwa, an bwa ki koute chè, an asye, an fè ak an mab,
13kannèl, Eze 27.13 epis, odè, mir ak lansan, diven ak lwil, farin frans ak diri, bèf ak mouton, chwal ak bèl cha pou moun woule, esklav ak nanm moun.
14Kòmèsan yo t'ap di lavil la:
— Tout bèl machandiz ou te vle genyen yo disparèt lakay ou. Ou pèdi tout richès ou yo ak tout bèl bagay ou te gen an kantite. Ou p'ap janm jwenn yo ankò!
15Kòmèsan Eze 27.31,36 ki te fin rich nan fè kòmès nan lavil la va rete byen lwen, tèlman yo pral pè jan li pral soufri a. Y'a plenn sò li, y'a kriye,
16y'a Rev 17.4 di:
— Gade yon malè! Ala malè pou gwo lavil la! Pou jan li te abiye ak twal koulè vyolèt, twal fen koulè wouj! Pou jan l te chaje ak bijou an lò, ak bèl pyè ki koute chè ak bèl grenn pèl!
17Yon Eza 23.14; Eze 27.27-29 sèl moman kont pou l te pèdi tout richès sa yo!
Tout kaptenn bato ak pasaje yo, maren yo ansanm ak tout moun k'ap chache lavi yo sou lanmè, yo tout te rete byen lwen.
18Lè Eze 27.32; Eza 34.10 yo wè lafimen dife ki t'ap boule lavil la, yo pran rele:
— Pat gen okenn lòt lavil ki te tankou gwo lavil sa a!
19Yo Eze 26.19; 27.30-34 pran tè jete sou tèt yo, yo t'ap kriye, yo t'ap plenn, yo t'ap rele:
— Gade yon malè! Ala malè pou gwo lavil la! Tout moun ki gen bato sou lanmè te fin rich ak richès li yo. Nan yon sèl moman li pèdi tout sa l te genyen!
20Ou Det 32.43; Eza 44.23; Jer 51.48 menm, syèl la, ou mèt kontan pou sa ki rive lavil la! Nou menm pèp Bondye a, apòt yo, pwofèt yo, nou mèt kontan tou! Paske, Bondye pini li pou sa l te fè nou.
21Lè Eze 26.21; Da 4.30; Jer 51.63,64 sa a, yon zanj ki te grannèg anpil pran yon wòch gwosè yon wòl moulen, li jete l nan lanmè a. Li di:
— Se konsa yo pral jete gwo lavil Babilòn lan atè ak fòs. Pèsonn p'ap janm wè l ankò.
22Yo Eza 24.8; Eze 26.13 p'ap janm tande mizik mizisyen ki konn jwe gita, fif ak klewon lakay ou. Yo p'ap jwenn okenn ouvriye pou fè okenn metye. Yo p'ap tande bri moulen mayi yo ankò.
23Okenn Jer 7.34; 16.9; 25.10; Eza 23.8; 47.9 lanp p'ap janm klere lakay ou ankò. Yo p'ap janm tande vwa marye ak lamarye ankò. Kòmèsan ou yo, se yo ki te pi grannèg sou latè. Avèk maji ou yo, ou te twonpe tout nasyon yo.
24Yo Jer 51.49; Mat 23.35; Rev 6.10; 17.6; 19.2 pini Babilòn, paske se la yo te jwenn san pwofèt yo ak san pèp Bondye a, ansanm ak san tout moun yo te touye sou latè.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.