1Lè Madoche pran nouvèl tou sa ki t'ap pase, sa te fè l lapenn anpil. Li chire rad sou li, li mete yon rad sak anwo li, li vide sann dife sou tèt li, lèfini li pran lari pou li, li t'ap rele byen fò, li t'ap di:
— Men yo sòti pou yo masakre yon pèp inonsan!
2Se konsa li rive jouk devan pòtay palè a. Lè li rive la li pa antre, paske moun pa gendwa antre anndan kay wa a ak rad sak sou yo, ak sann dife sou tèt yo.
3Nan tout pwovens kote yo te pibliye lòd wa a, se te gwo lapenn ak lafliksyon pou jwif yo. Yo t'ap kriye, yo mete rad sak sou yo, yo kouche nan sann dife.
4Jennfi ki t'ap sèvi ak Estè yo ansanm ak domestik konfyans li yo di li sa kap pase. Lè larenn lan tande sa, sa te boulvèse l anpil. Li voye rad bay Madoche pou li te ka wete rad sak la sou li. Men, Madoche derefize.
5Lè sa a, Estè rele Akratayòs, yonn nan nèg konfyans wa a te ba li pou sèvis pèsonèl li, li voye l bò kote Madoche pou konnen egzakteman sa k'ap pase.
7Madoche rakonte l tou sa ki te rive l, ak kijan Aman te pwomèt wa a pou l te mete twasanswasannkenz (375) tòn ajan nan kès wa a si yo masakre tout jwif yo.
8Lèfini, li bay Akratayòs yon kopi lòd wa yo te fè pibliye lavil Souz la, lòd ki te mande pou yo te detwi dènye jwif yo. Li mande l pou l te pote kopi piblikasyon an bay Estè. Lèfini, li voye lòd bay Estè pou Estè ale bò kote wa a pou pale avè l, pou mande l gras pou pèp li a. Li di Akr'atayòs konsa:
— Wa di l pou mwen pou l chonje lè li te yon jennfi tankou tout lòt jennfi yo, chonje jan m te konn okipe l. Men, kounyeya Aman, premye minis wa a, ap pale mal sou do nou, li mande lanmò pou nou. Se pou l lapriyè Granmèt la, lèfini pou lal pale ak wa a pou nou. Se pa pou l kite yo touye nou konsa.
9Akratayòs al rapòte bay Estè tou sa Madoche te di l la.
10Estè menm voye Akratayòs tounen bò kote Madoche ak mesay sa a:
— W'a di l pou mwen,
11tout pèp lòt peyi ki anba baton kòmandman wa a konnen pèsonn, li te mèt fanm, li te mèt gason, pa gendwa antre nan lakou anndan palè a pou wè ak wa a, si se pa wa a menm ki voye chache l. Si yon moun fè sa, yap touye l. Sèl jan pou li pa mouri, se si lè sa a wa a lonje baton an lò a bay moun lan. Mwen menm, gen yon mwa depi wa a pa mande pou mwen.
12Lè Akratayòs bay Madoche mesay Estè a, Madoche voye repons sa a bay Estè:
13—Ale di l pou mwen: Pa mete nan tèt ou se ou menm sèl jwif k'ap chape nan tout peyi a lè y'ap touye jwif yo.
14Si ou kwè ou kapab pran pòz pa konprann ou nan yon ka konsa, Bondye ap toujou jwenn yon lòt jan pou li delivre pèp jwif la, l'a sove yo. Men ou menm, w'ap mouri epi fanmi ou ap disparèt. Ou pa janm konnen si se pa pou move pa sa a menm ki fè ou larenn jòdi a?
15Estè voye mesaje a tounen bò kote Madoche ak repons sa a:
16—Ou mèt ale. Reyini dènye jwif ki nan lavil Souz. Fè yo fè jèn pou mwen. N'a pase twa jou twa nwit san manje san bwè. Mwen menm bò pa m ansanm ak jennfi k'ap sèvi m yo, nou pral fè jèn tou. Apre sa, m'a v'al kote wa a, atout lalwa a defann sa. Si se pou m mouri, m'a mouri.
17Lè sa a, Madoche leve, l'al fè tou sa larenn Estè te mande l fè a.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.