Jak 5 - 1998 Haitian Creole

Avètisman pou moun rich yo

1Kounyeya, nou menm moun rich yo, se pou nou m'ap pale: Lik 6.24 Nou mèt konmanse kriye, konmanse pouse rèl pou malè ki pral tonbe sou nou yo.

2Richès Mat 6.19 nou yo fin pouri. Vèmin fin manje rad nou yo.

3Lò Pwo 16.27 nou ak lajan nou fin wouye. Lawouy pral kanpe pou akize nou, li va devore nou tankou dife. Nou fè kont move lajan nou nan dènye tan sa yo.

4Gade! Lev 19.13; Mal 3.5; Det 24.14; Eza 5.9; Jòb 31.38-40 Nou pat peye lajan nou te dwe peye travayè yo ki t'ap travay pou nou nan jaden. Tande jan y'ap rele! Travayè ki te ranmase rekòt pou nou yo ap plede rele! Rèl yo rive jouk nan zòrèy Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa a.

5N'ap Lik 16.19,25; Jer 12.3 byen mennen, n'ap jwi sou latè. Nou tankou bèt k'ap gra pou labatwa.

6Nou kondannen moun inosan, nou fè sasinen yo. Yo menm, yo pa fè fòs ak nou.

Pran pasyans, lapriyè

7Se Det 11.14; Jowèl 2.23; Zak 10.1; Jer 5.24; Lik 21.19; Eb 10.36 poutèt sa, frè m yo, annou pran pasyans jouk jou Senyè a va vini. Gade jan kiltivatè a gen pasyans. Li gen pou l rete tann anvan pou tè a ba li yon bèl rekòt. Li pran pasyans, li rete tann lapli premye sezon an jouk lapli dènye sezon an.

8Nou Eb 10.25; 1 Tes 2.16; 3.13 menm tou, pran pasyans, bay kò nou kouraj. Paske Mèt la pa lontan vini.

9Frè m yo, pa plenyen yonn sou do lòt pou nou pa tonbe anba jijman Bondye. Men jij la la nan papòt la.

10Frè m Mat 5.12 yo, chonje pwofèt yo ki te pale nan non Mèt la. Pran egzanp sou yo, pou jan yo te gen pasyans lè yo t'ap soufri.

11Paske Da 12.12; Jòb 1.21,22; Sòm 103.8; 111.4 yo te soufri ak pasyans, nou di yo se moun Bondye beni. Nou tande ki jan Jòb te gen pasyans, nou wè bout pou bout sa Bondye te fè pou li, paske Bondye gen bon kè, li gen kè sansib.

12Anvan Mat 5.34-37 tout lòt bagay, frè mwen yo, men sa ki enpòtan: Piga nou sèmante ni sou syèl la, ni sou latè a, ni sou tèt okenn lòt bagay. Yon sèl pawòl pou nou genyen: se wi, se non. Konsa nou p'ap tonbe anba jijman Bondye.

13Si Sòm 50.15; Kol 3.16 yon moun nan nou ap soufri, se pou li lapriyè. Si yon moun nan nou gen kè kontan, se pou l chante kantik.

14Si Mak 6.13 yon moun nan nou malad, se pou l rele chèf reskonsab yo nan legliz la. Y'a lapriyè pou li, y'a pase lwil sou li nan non Senyè a.

15Lè Mak 16.18 lapriyè a fèt ak konfyans, li va delivre malad la. Senyè a va fè l leve gaya. Si li te fè kèk peche, Bondye va padonnen li.

16Se pou nou konfese peche nou yo yonn bay lòt. Se pou yonn lapriyè pou lòt, pou nou kapab geri. Lè yon moun ap viv dwat devan Bondye, lapriyè moun sa a gen anpil pouvwa.

17Pwofèt 1 Wa 17.1; Lik 4.25; Tra 14.15 Eli te yon moun menm jan ak nou. Li te lapriyè rèd pou lapli pat tonbe. Konsa vre, lapli pa tonbe pandan twazan sis mwa.

18Apre 1 Wa 18.42 sa, li lapriyè ankò. Lè sa a, syèl la louvri, lapli tonbe, latè bay bèl rekòt.

19Frè m Gal 6.1 yo, si yonn nan nou pèdi chemen laverite a, epi yon lòt frè mennen l tounen ankò,

20konnen Sòm 51.13; Pwo 10.12; 1 Pyè 4.8 sa byen: lè yon moun pèdi chemen l poutèt peche li yo, si yon lòt mennen l tounen, se yon nanm li rache anba lanmò. Anmenmtan, li jwenn padon pou anpil peche.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help