Kolosyen 4 - 1998 Haitian Creole

1Nou menm mèt yo, aji byen ak domestik Lev 25.43,53 nou yo, san fè okenn lenjistis. Chonje byen, nou menm tou nou gen yon mèt nan syèl la.

Konsèy

2Pa 1 Tes 5.17; Ef 6.18; Fil 4.6 janm sispann lapriyè. Pa kite dòmi pran nou. Toujou chonje lapriyè pou di Bondye mèsi.

3Anmenmtan, Wòm 15.30; Ef 6.18,19; 2 Tes 3.1; 1 Kor 16.9 lapriyè pou mwen tou, pou Bondye ban m okazyon pou m fè konnen pawòl li a, pou m fè lèzòm konnen sekrè Kris la. Se poutèt sekrè sa a menm mwen nan prizon kounyeya.

4Lapriyè Ef 6.20 pou m ka rive fè lèzòm wè l aklè, pou m ka pale jan mwen dwe pale a.

5Pran Ef 5.15,16; 1 Tes 4.12 prekosyon pou nou aji byen avè moun ki pa kretyen yo. Pa kite okenn chans pase.

6Lè Ef 4.29; Mak 9.50; 1 Pyè 3.15 n'ap pale, di bagay ki pou fè yo kontan, ki pou enterese yo. Konn ki jan pou nou reponn chak moun.

Bonjou pou frè yo

7Frè Ef 6.21 Tichik se yon bon zanmi m, yon bon sèvitè Kris la k'ap ban m yon bon konkou nan sèvis Senyè a. L'a ban nou tout nouvèl mwen.

8Mwen Ef 6.22 voye l ban nou tout espre pou l ka di nou jan mwen ye, pou l ka remoute kouray nou.

9Frè File 1.10 Onezim ki moun menm kote ak nou ap vin ansanm avè li. Se yon bon zanmi mwen renmen anpil. Yo tou de va di nou sa k'ap pase bò isit.

10Aristak Tra 19.29; 27.2; 18.27 ki nan prizon ansanm avè m voye bonjou pou nou. Mak, kouzen Banabas la, voye bonjou tou. (Mwen te deja di nou sa pou nou fè pou li: resevwa l byen si l vin lakay nou.)

11Jezi, ki gen ti non Jistis, voye bonjou pou nou tou. Twa mesye sa yo, se yo menm sèlman pami jwif yo k'ap travay avè m' pou gouvènman Bondye ki wa a. Yo te ban m' anpil kouraj.

12Epafras, Kol 1.7 ki moun Kolòs tou, voye bonjou pou nou. Sèvitè Kris sa a pa manke lapriyè anpil pou nou pou nou ka rete fèm, pou nou ka fin grandi nèt nan konfyans nou nan Bondye, pou nou ka toujou byen dispoze pou fè tou sa Bondye mande nou.

13Mwen ka di nou sa: l'ap fatige kò l anpil pou nou menm moun Kolòs yo, pou moun Lawodise yo ansanm ak moun Yerapolis yo.

14Lik, 2 Tim 4.10,11; File 1.24 bon dòktè mwen an, ansanm ak Demas voye bonjou pou nou tou.

15Di tout frè Lawodise yo bonjou. Pa bliye Nenfas ansanm ak tout frè ki konn reyini lakay li yo.

16Lè n'a fin li lèt sa a, voye l bay legliz Lawodise a pou yo ka li l tou. Nou menm tou, n'a li lèt moun Lawodise yo va voye ban nou an.

17Di File 1.2 Achip pou mwen: Fè atansyon. Sèvis yo ba l fè nan travay Senyè a, se pou l fè l byen.

18Se 1 Kor 16.21; 2 Tes 3.17 mwen menm Pòl, ak men pa m, k'ap ekri nou kounyeya: Bonjou pou nou tout. Pa bliye m nan prizon an. Benediksyon Bondye pou nou tout.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help