Sòm 48 - 1998 Haitian Creole

SÒM 48 (47)Senyè a sove lavil Jerizalèm(1) Chante Sòm 46.4; 96.4; 145.3; Eza 2.2; Zak 8.3 sa a, se yon sòm pitit Kore yo.

1(2) Senyè a Sòm 50.2; Lam 2.15; Mat 5.35 gen gwo pouvwa!

Li merite pou yo fè lwanj li

nan lavil Bondye nou an,

sou mòn ki apa pou li a.

2(3) Ala Sòm 46.7 yon bèl mòn!

Li fè kè tout moun sou latè kontan.

Sou mòn Siyon an, ki sou bò nò,

se la yo bati lavil gwo wa a.

3(4) Senyè a 2 Sam 10.6-19 rete lakay li, li fè konnen

se bò kote l yo jwenn kote pou yo kache.

4(5) Men sa ki te pase:

Wa yo te mete tèt yo ansanm,

yo vin atake anmenmtan.

5(6) Lè Egz 15.15; Eza 13.8 yo wè l, yo sezi.

Yo pè, yo kouri san gad dèyè.

6(7) Yon 1 Wa 10.22; 22.48; Eze 27.26 sèl tranbleman pran yo.

Kè yo sere tankou yon fanm ki gen tranche,

7(8) tankou Sòm 48.1; 87.5 lè van nòde ap kraze

batiman Tasis yo sou lanmè.

8(9) Sa nou te konn tande moun di a,

kounyeya nou wè l ak je nou nan lavil Bondye nou an,

nan lavil Senyè ki gen tout pouvwa a.

Bondye ap toujou pwoteje lavil la.

9(10) Nou Det 28.58; Sòm 113.3; Mal 1.11 rete nan Tanp ou a n'ap kalkile jan ou renmen nou, Bondye.

10(11) Se Sòm 97.8 tout moun k'ap nonmen non ou,

menm jan an tou, toupatou sou latè y'ap fè lwanj ou.

Ou gen anpil pouvwa, men ou pa fè lenjistis.

11(12) Moun ki rete sou mòn Siyon yo kontan.

Moun ki rete nan peyi Jide yo pral fè fèt,

paske ou konn fè moun jistis.

12(13) Mache, Sòm 78.4-6; 122.7 fè tout tou lavil la.

Konte konbe fò li genyen.

13(14) Egzaminen Sòm 23.3,4 miray lavil la byen egzaminen.

Vizite tout pòs faksyonè yo,

pou nou kapab fè pitit pitit nou yo konnen

14(15) se Bondye sa a ki Bondye nou pou tout tan tout tan.

Se li menm k'ap kondi nou jouk sa kaba.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help