Mak 6 - 1998 Haitian Creole

Moun Nazarèt refize kwè nan Jezi(Matye 13.53-58; Lik 4.16-30)

1Jezi kite kote l te ye a, l'ale nan lavil antre nan sal resèpsyon an: li danse, li danse. Sa te fè Ewòd ak envite l yo plezi anpil. Wa a di madmwazèl la konsa:

— Mande m nenpòt sa ou vle, m'ap ba ou li.

23Ewòd Estè 5.3,6 sèmante ba li, li di l konsa:

— Tou sa ou mande, m'ap ba ou li, te mèt mwatye nan peyi m'ap gouvènen an.

24Madmwazèl la sòti, l'al di manman li:

— Kisa m ta mande?

Manman an reponn li:

— Mande tèt Jan Batis.

25Jenn fi a prese tounen kote wa a, li fè l demann sa a:

— Mwen ta vle pou ou ban mwen tèt Jan Batis kounyeya, nan yon plato.

26Kè wa a kase. Men, li pat kapab di li non ankò, akòz gwo sèman li te fin fè devan tout envite yo.

27Menm lè a, li voye yon gad avèk lòd pou l'al chache tèt Jan Batis pote vini.

28Gad la koupe tèt Jan Batis nan prizon an. Li pote l vini nan yon plato. Li bay madmwazèl la tèt la. Madmwazèl la menm pote l bay manman li.

29Lè patizan Jan yo tande sa, yo vin pran kò a, yo mete l nan yon kavo.

Jezi bay senkmil moun manje(Matye 14.13-21; Lik 9.10-17; Jan 6.1-14)

30Tounen Lik 9.10; 10.17 apot yo retounen sot nan misyon, yo vin rakonte Jezi tou sa yo fè ak tou sa yo di.

31Lè sa a, te sitèlman gen moun ki t'ap ale vini, Jezi ak disip li yo pat menm gentan pou yo manje. Se poutèt sa Jezi di disip li yo:

— Ann al avè m yon kote ki pa gen moun pou nou ka pran yon ti repo.

32Epi, Mat 14.13-21; Lik 9.11-17; Jan 6.1-13 yo pati pou kont yo nan yon kannòt pou y'ale yon kote ki pa gen moun.

33Men, anpil moun te wè lè y ale, yo te rekonèt yo. Se konsa, yo kouri sòti nan tout bouk yo, yo gentan rive kote Jezi taprale avèk disip li yo anvan li.

34Lè Nonb 27.17; Eze 34.5; Mat 9.36 Jezi rive pou l debake sot nan kannòt la, li wè tout bann moun yo. Kè l fè l mal pou yo, paske yo te tankou yon bann mouton san gadò. Lamenm, li tanmen esplike yo anpil bagay.

35Lè Mak 8.1-9 li te konmanse fè ta, disip yo pwoche bò kote Jezi, yo di li:

— Li fin ta, wi. Pa gen moun rete bò isit la.

36Voye moun yo ale non pou yo ka achte manje nan bouk yo.

37Jezi reponn yo:

— Poukisa nou menm, nou pa ba yo manje pito?

Disip yo reponn li:

— Ou ta vle pou n'al achte mil (1000) goud pen bay tout moun sa yo manje?

Jezi reponn yo:

38— Konbe pen nou gen la a? Ale wè non.

Lè yo fin jwenn konbe pen yo genyen an, yo di l konsa:

— Nou gen senk pen ak de pwason.

39Lè sa a, Jezi pase lòd pou disip yo fè moun yo fè ti gwoup chita sou zèb la.

40Moun yo menm chita fè gwoup senkant, gwoup san.

41Apre Mak 7.34 sa, Jezi pran senk pen yo ak de pwason yo. Li leve je li anlè, li rann Bondye gras. Epi li separe pen yo bay disip yoditribye bay moun yo. Li fè menm bagay la tou ak de pwason yo.

42Tout moun manje vant plen.

43Disip Det 28.5 yo ranmase tout ti moso pen yo ansanm ak rès pwason yo. Yo plen douz panyen pote ale.

44Te gen senkmilòm ki te jwenn pen pou yo manje.

Jezi mache sou dlo(Matye 14.22-23; Jan 6.15-21)

45Toutswit Mat 14.22-36; Jan 6.15-21 apre sa, Jezi fè disip li yo moute nan yon kannòt, li voye yo devan nan direksyon Betsayida. Jezi menm rete dèyè pou ranvwaye foul la.

46Apre li fin ranvwaye yo, l'al lapriyè sou yon ti mòn.

47Lè solèy fin kouche, kannòt la te nan mitan lanmè a toujou. Jezi te pou kont li atè.

48Li wè disip yo te gen anpil traka pou yo rame paske van an te kont yo. Vè twazè dimaten, Jezi pran mache sou lanmè a pou l'ale jwenn disip yo. Li te fè kòmsi li vle depase yo.

49Men lè yo wè l'ap mache sou lanmè a, yo te kwè se te yon zonbi. Yo pran rele.

50Yo tout yo te wè li, yo tout te pè. Menm lè a, Jezi pale avèk yo, li di yo konsa:

— Pran tèt nou non. Se mwen menm. Nou pa bezwen pè.

51Li Mak 4.39 moute bò kote yo nan kannòt la, van an vin tonbe. Se pa ti sezi disip yo te sezi.

52Yo pat konprann sans mirak pen an, paske lespri yo te bouche toujou.

Jezi geri moun malad Jenezarèt(Matye 14.34-36)

53Yo fin travèse lanmè a, yo fè tè toupre lavil Jenezarèt. Yo mare kannòt la atè.

54Kou yo sòti nan kannòt la, lamenm moun yo rekonèt Jezi.

55Pèp la kouri vini sot toupatou nan tout peyi a. Yo pote malad tou kouche ba li kote yo tande li ye a.

56Toupatou Mak 5.27,28; Tra 5.15; 19.11,12 kote Jezi te rive, kit nan bouk, kit nan lavil ou andeyò, yo te mete malad yo sou plas piblik, yo te mande Jezi pou l te kite yo manyen bò rad li ase. Tout moun ki te manyen rad li te geri.

Blog
About Us
Message
Site Map

Who We AreWhat We EelieveWhat We Do

Terms of UsePrivacy Notice

2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.

Home
Gospel
Question
Blog
Help