Estè (Grèk) B - 1998 Haitian Creole
Kopi piblikasyon an 1 Men kopi piblikasyon yo te voye a:— Se mwen menm gran wa Atagzèsès k'ap ekri lòd sa a voye bay prefè yo ansanm ak lòt ti chèf ki nan sanvennsèt (127) pwovens yo, depi peyi Lend rive peyi Letyopi, 2 mwen menm ki rive mete anpil nasyon anba baton kòmandman mwen, mwen menm k'ap donminen sou tout latè, mwen vle pou tout moun ki anba baton kòmandman mwen yo toujou viv san pwoblèm. Si m ap chache fè sa, se pa paske pouvwa a vire tèt mwen, men se paske mwen vle gouvènen san britalite avèk bon kè pou tout moun. Mwen sòti pou m fè peyi a yon peyi kote pa gen dezòd, kote moun ka ale kote yo vle anndan fontyè yo. Mwen te sòti pou m garanti tout moun ta pral viv byen ankò yonn ak lòt, jan yo tout ta vle fè l la. 3 Lè mwen mande moun k'ap ban m konsèy yo kijan pou sa rive fèt, Aman ban nou yon lide. Aman sa a, se yon nonm nou tout rekonèt pou moun tout bon, paske li gen anpil bon konprann, lèfini li toujou moutre nou jan li ta renmen wè gouvènman an fè sa ki byen, li pa janm trayi nou. Se poutèt sa nou te ba li premye plas apre wa a nan gouvènman an. 4 Aman te fè m konnen kijan gen yon pèp malveyan ki gaye nan mitan tout pèp nou jwenn sou latè. Yo gen lwa pa yo ki pa dakò ak okenn lwa lòt nasyon yo, yo pa janm obeyi lòd wa a bay. Konsa, yo tounen yon antrav pou gouvènman tètansanm nou vle genyen nan peyi a, san patipri ak san repwòch. 5 Se yo menm ase ki tout tan ap kenbe tèt ak tout lòt moun, yo mete kò yo apa, yo swiv lwa pa yo ak mès pa yo, yo pa dakò ak sa nou vle fè. Lèfini, yo fè tout kalite bagay mal pou mete dezòd ak danje nan peyi ki anba zòd wa a. 6 Se poutèt sa nou bay lòd pou yo touye moun sa yo. Aman, premye minis gouvènman m lan, yon dezyèm papa pou nou tout la, pale nan lèt l'ap ekri nou an. Wi, se pou nou disparèt yo tout ansanm ak madanm yo ak pitit yo. Pa kite yonn chape. Se lènmi nou yo ye. N'ap san pitye pou yo jou ki va make katòz nan douzyèm mwa a, ki vle di mwa Ada a, nan lanne sa a. 7 Konsa, moun sa yo k'ap kenbe tèt ak nou depi tout tan sa a rive jòdi a, yo pral mouri mò masakre yon sèl jou a, pou apre sa nou ka gouvènen nan kè poze, san dezòd, san okenn boulvès.