1Men mesay Bondye bay sou peyi Lejip
19Lè Jen 28.18; 2 Wa 5.17 sa a va gen yon lotèl pou Senyè ki gen tout pouvwa a nan peyi Lejip. Sou fontyè peyi a, y'ap kanpe yon gwo wòch y'ap mete apa pou Senyè a.
20Sa Joz 24.26,27; Abd 21 va sèvi yon mak pou fè konnen Senyè ki gen tout pouvwa a kanpe la nan peyi Lejip la. Lè moun va konprann pou fè yo pase tray, y'a lapriyè Senyè a mande l sekou. Senyè a va voye yon moun pou vin delivre yo. L'a pran defans yo, l'a sove yo.
21Jou Zak 14.16-18 sa a, Senyè a va fè moun Lejip yo konnen ki moun li ye. Yo menm y'a rekonèt sa, y'a ofri bèt pou touye pou li, y'a ofri rekòt nan jaden yo ba li. Y'a fè Senyè a gwo pwomès. Lèfini, y'a kenbe pwomès yo.
22Senyè a Jer 46.25,26 gen pou l pini moun Lejip yo. Men, la geri yo. Y'a tounen vin jwenn li. Senyè a va koute lè y'ap lapriyè nan pye l, la geri yo.
23Jou Eza 11.16 sa a, ap gen yon gwo wout k'ap sòti peyi Lejip rive jouk nan peyi Lasiri. Moun peyi Lasiri va vwayaje al nan peyi Lejip, moun peyi Lejip va vwayaje al nan peyi Lasiri. Tou de peyi yo pral sèvi Senyè a.
24Lè sa a, peyi Izrayèl la va sou menm pye ak peyi Lejip ansanm ak peyi Lasiri: twa nasyon sa yo va yon benediksyon pou tout moun sou latè.
25Senyè a Det 32.9; Eza 29.23; Oze 2.23; Wòm 3.29 va beni yo, la di konsa:
— Benediksyon pou Lejip, pèp mwen an, pou Lasiri mwen te fè ak men mwen an, ak pou Izrayèl ki rele m pa m lan.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.