1Apre sa, Senyè a chwazi swasanndis te fè kè Jezi kontan anpil. Jezi di konsa:
— O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mèsi anpil deske ou pran bagay ou te kache nan je gwo save yo ak moun gwo lespri yo, ou devwale yo bay ti piti yo. Wi, Papa mwen, sa pase konsa paske se konsa ou te vle li.
22Papa m renmèt tout bagay nan men mwen. Pèsonn pa konn kilès moun Pitit la ye, esèpte Papa a. Pèsonn pa konn kilès moun Papa a ye, esèpte Pitit la, ak moun Pitit la vle fè konnen li.
23Apre Mat 13.16,17 sa, Jezi vire bò disip li yo, li rele yo apa, li di yo:
— Benediksyon pou nou k'ap wè sa n'ap wè a.
24Paske, 1 Pyè 1.10 m'ap di nou sa: anpil pwofèt ak anpil wa te anvi wè sa n'ap wè la a, men yo pat wè li, yo te anvi tande sa n'ap tande la a, men yo pat tande li.
Parabòl bon moun peyi Samari a25Yon Mat 22.35-40; Mak 12.28-34 dirèktè Lik 18.18-20 lalwa vin rive. Pou li pran Jezi nan pyèj, li di li konsa:
— Mèt, kisa m'dwe fè pou m'eritye lavi ki p'ap janm fini an?
26Jezi di li:
— Kisa ki ekri nan lalwa? Ki jan ou konprann li?
27Nonm Det 6.5; Lev 19.18 lan reponn:
— Se pou ou renmen Mèt la, Senyè Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout fòs ou, ak tout entelijans ou. Se pou ou renmen pwochen ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.
28Jezi Lev 18.5; Mat 19.17 di li:
— Ou byen reponn. Si ou fè sa, w'a gen lavi.
29Men direktè lalwa a te vle bay tèt li rezon, li mande Jezi:
— Ki moun ki pwochen mwen?
30Jezi reponn li konsa:
— Vwala, yon nonm t'ap desann sòti Jerizalèm, li ta pral Jeriko. Kèk ansasen atake l, yo vòlò ata rad ki te sou li, yo bat li byen bat, yo kite li twaka (¾) mò.
31Lè sa a, yon prèt vin ap desann sou menm wout la, li wè nonm lan, men li janbe lòt bò wout la, l'al fè wout li.
32Konsa tou, yon moun Levi vin ap pase menm kote a, li rive toupre, li wè nonm lan, men li janbe lòt bò wout la, l'al fè wout li.
33Men, yon moun peyi Samari ki t'ap vwayaje sou menm wout la rive bò kote nonm lan. Kè l fè l mal lè li wè nonm lan.
34Li pwoche kote l, li vide lwil ak diven sou blese l yo, li panse yo. Apre sa, li mete nonm lan sou bèt li te moute a. Li mennen l nan yon lotèl kote li pran swen li.
35Nan denmen, li rale kòb nan pòch li, li bay mèt lotèl la, epi li di li: Okipe nonm sa a pou mwen. Lè m tounen isit la ankò m'a renmèt ou tout depans ou va fè anplis pou li.
36Apre sa, Jezi di nonm lan:
— Dapre ou, nan twa mesye sa yo, kilès ki moutre li se pwochen nonm ki te tonbe anba men ansasen yo?
37Dirèktè lalwa a reponn:
— Nonm ki te gen pitye pou li a.
Jezi di li:
— Ale, fè menm bagay la tou.
Jezi lakay Mat ak Mari38Jezi Jan 11.1; 12.2,3 al fè wout li ansanm ak disip li yo. Li antre nan yon ti bouk kote yon fanm yo rele Mat resevwa l lakay li.
39Mat sa a te gen yon sè yo rele Mari. Mari te chita nan pye mèt la, li t'ap koute pawòl li yo.
40Mat menm t'ap fatige kò li ak tout travay ki te pou fèt nan kay la. Lè sa a, li vini li di:
— Mèt, sa pa fè ou anyen pou wè sè mwen kite m' ap fè tout travay la poukont mwen? Di li manyè vin ede mwen non.
41Jezi reponn li:
— Mat, Mat! W'ap trakase tèt ou. W'ap bat kò ou pou yon bann bagay.
42Epoutan, Mat 6.33 se yon sèl bagay ki konsekan wi. Se li Mari chwazi. Yo p'ap janm wete li nan men li.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.