1Lwanj Sòm 69.34; Mat 21.9 pou Senyè a!
Nou menm ki rete anwo nan syèl la, fè lwanj Senyè a!
Fè lwanj li anwo nan syèl la!
2Se Sòm 103.20,21; Da 7.10 pou nou tout zanj li yo fè lwanj li.
Se pou nou tout lame ki nan syèl la fè lwanj li.
3Solèy ak lalin, fè lwanj li!
Zetwal k'ap klere nan syèl la, fè lwanj li!
4Se Jen 1.7; 1 Wa 8.27; Sòm 68.33 pou yo fè lwanj li anwo nèt nan syèl la.
Se pou tout dlo ki pi wo pase syèl la fè lwanj li.
5Se Sòm 33.6,9 pou yo tout fè lwanj Senyè a!
Paske, li annik pase yon lòd, epi tout bagay fèt.
6Li Sòm 119.90; Jer 31.35,36 mete yo chak nan plas yo pou tout tan.
Li ba yo yon lòd, yo pa ka pa obeyi l.
7Se Jen 1.21 pou tout bagay ki sou latè fè lwanj li:
gwo bèt lanmè ansanm ak fon lanmè a,
8dife Sòm 105.32; 107.25; 147.15-18 ak lagrèl, lanèj ak vapè,
gwo van k'ap fè sa li di yo fè,
9gwo Eza 44.23; 55.12 mòn kou ti mòn,
pyebwa k'ap donnen ak tout gwo pye sèd yo,
10tout Jen 1.20,21,24,25 bèt nan bwa, tout bèt domestik,
tout bèt k'ap trennen sou vant, ak tout zwazo k'ap vole nan syèl.
11Fè Tra 17.26; Rev 7.9 lwanj li, nou menm wa yo ak tout pèp ki sou latè,
chèf ak nou tout k'ap dirije lèzòm,
12jenn fi kou jenn gason, granmoun kou timoun.
13Se Sòm 8.1; 113.4; Eza 6.3 pou nou tout fè lwanj Senyè a,
paske li gen yon non ki pi gwo pase tout lòt non.
Pouvwa li pi wo pase syèl la ak latè a.
14Li Det 4.7; 10.21; Ef 2.17 rebay pèp li a fòs ankò.
Sa te yon lwanj pou tout moun k'ap sèvi l yo,
pou pitit Izrayèl yo, pou pèp li renmen anpil la.
Lwanj pou Senyè a!
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.