1Fòs pouvwa li sòti nan yon bout latè rive nan lòt bout la.
Li gouvènen tout bagay nèt ale pou byen yo.
Salomon renmen Bon Konprann tankou yon madanm2Bon Konprann se li mwen renmen.
Depi m jenn gason m'ap file l.
Mwen te vle l pou madanm mwen.
Mwen tonbe damou pou li pou jan li bèl.
3Li fè konnen li sòti nan bon ras, se avèk Bondye menm l'ap viv.
Bondye, Granmèt tout bagay la, te renmen l.
4Bondye mete l nan tout ti sekrè mistè li yo,
kifè li ka chwazi sa pou l fè nan travay Bondye a.
5Si richès se yon bagay tout moun ta renmen genyen nan lavi yo,
pa gen pi gwo richès pase Bon Konprann ki gen pouvwa pou fè tout bagay.
6Si se lespri k'ap travay,
pa gen tankou Bon Konprann pou fè sa k'ap fèt la.
7Si se mache dwat ou renmen,
tout bon kalite moun genyen, sa se travay li.
Li moutre moun jan pou yo konn kontwole tèt yo,
jan pou yo pran prekosyon yo,
jan pou yo mache dwat, jan pou yo gen fòs kouray.
Nan lavi yon moun, pa gen anyen ki pi itil pase bagay sa yo.
8Si yon moun vle gen anpil esperyans lavi,
Bon Konprann konnen tou sa ki te pase nan tan lontan,
li wè davans tou sa ki gen pou rive denmen.
Li konnen sans pou li bay pawoli moun ap di.
Li fè konprann pawòl daki yo.
Davans li konnen mirak ak mèvèy Bondye gen pou l fè.
Davans li konnen tou sa ki pral rive nan chak peryòd istwa lèzòm.
9Se konsa mwen pran desizyon pou m viv ak Bon Konprann tankou ak yon madanm lakay mwen.
Mwen te konnen l'ap toujou la pou l ban m konsèy,
pou l ankouraje m lè mwen nan tèt chaje ak lè mwen nan lapenn.
10Mwen t'ap di nan kè m:
— Poutèt li, foul moun pral pote m sou tèt.
Lèfini, atout mwen jenn gason toujou, granmoun ap respekte m.
11Y'a wè jan lespri m fen pou regle kont moun gen yonn ak lòt.
Chèf yo va gen admirasyon pou mwen.
12Si mwen rete bouch fèmen, y'ap tann konsa sa mwen pral di.
Lè m'ap pale menm, y'ap rete pann anba bouch mwen.
Si m'ap pale anpil, y'ap rete men nan bouch.
13Poutèt li mwen p'ap janm mouri.
M'ap kite yon chante pou yo chante pou mwen, konsa moun k'ap vin apre m yo p'ap janm bliye m.
14M'a gouvènen anpil peyi.
Anpil nasyon pral soumèt devan mwen.
15Anpil gwo chèf ki fè moun pè yo, tande y'a tande yo nonmen non m ase, yo pral tranble nan kanson yo.
M'a fè tout moun wè jan mwen gen bon kè, jan mwen vanyan nan fè lagè.
16Chak fwa mwen tounen lakay mwen, m'a poze kò m bò kote l.
Paske, lè li la avèk yon moun, li pa bay lapenn.
Lè l'ap viv ansanm avèk yon moun, li pa fè soufri.
Lekontrè, se plezi ak kè kontan li bay.
Salomon ap mande Bon Konprann17Lè mwen fin fè tout lide sa yo nan tèt mwen,
lè mwen fin kalkile byen kalkile,
mwen jwenn sèl jan pou moun pa janm mouri
se marye pou yo marye ak Bon Konprann.
18Lè ou fè bon zanmi avè l, sa bay bon plezi nèt ale.
Ou jwenn yon richès ki p'ap janm fini nan travay li fè ak men li yo.
Si ou pa janm lage l, w'ap gen lespri.
Se konsa mwen mache toupatou ap chache kijan pou m ta rive genyen l pou madanm mwen.
19Depi m timoun, mwen te toujou gen bon kè.
Mwen te fèt ak yon nanm ki bon.
20Pito m di mwen te bon, epi mwen vin sou latè nan yon kò ki san tach.
21Tout jan, mwen te konnen sèl jan pou m te rive gen bon konprann
se Bondye ki pou ban mwen li.
Konnen mwen te konnen se Bondye ase ki ka bay favè sa a,
sa vle di mwen te deja gen lespri.
Mwen pale ak Granmèt la, mwen lapriyè nan pye l.
Mwen t'ap di l ak tout kè mwen:
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.