1Si ou renmen pitit gason ou, pa pè bat li.
Pita pitit gason sa a va fè kè ou kontan.
2Si ou elve pitit gason ou byen, pita la ba ou satilfaksyon.
W'ap kontan pale sou li ak zanmi ou.
3Moun ki fè levasyon pitit li ap fè lènmi li fè jalouzi.
Devan zanmi l, l'ap kontan anpil.
4Si papa a mouri, se tankou si li pa te mouri,
paske l'ap kite yon pitit gason ki sanble avè l.
5Lè papa a vivan, li kontan wè pitit la.
Lè l'ap mouri, li p'ap regrèt anyen.
6Li kite yon moun pou koresponn ak lènmi l yo, pou pran revanj li sou yo,
yon moun pou renmèt zanmi l yo tout byen yo te fè pou li.
7Men, moun ki gate pitit gason l va gen pou mete pansman sou blese li yo.
Chak fwa l'ap tande yon rèl, kè l ap sere.
8Lè yon chwal mal donte, l'ap bosal.
Lè ou kite yon timoun fè sa l vle, l'ap sòti maledve.
9Si w'ap kajole yon timoun, pita sa la fè ou w'a sezi.
Si w'ap joure avè l, pita la fè ou kriye.
10Pa ri avè l, si ou pa vle kriye avè l.
Rive yon lè, w'a mòde pous ou jouk anba bra ou.
11Pa ba li libète fè sa l vle pandan li jenn.
Pa fèmen je ou sou betiz l'ap fè.
12Pandan li jenn, fè l soumèt devan ou. Bat li antan li piti,
pou l pa revòlte, pou l pa dezobeyi ou.
Lè sa a, sa va fè ou gwo lapenn.
13Korije pitit gason ou, ba li bon prensip,
pou lè l'ap fè ensolanste li li pa leve dèyè ou.
Lasante14Pito yon moun pòv men li jwi lasante epi li vanyan,
pase pou l rich men toujou malad.
15Pito yon moun vanyan, li jwi lasante
pase pou l genyen tout lò ki sou latè.
Yon kò anfòm pi bon lontan pase yon gwo richès.
16Pa gen richès moun ka pi pito pase lasante.
Alèz kou yon moun ka alèz, li pa ka pito l pase kè kontan.
17Pito yon moun mouri pase pou l viv nan lapenn.
Pito yon moun al poze kò l nan peyi mò yo pase pou l viv ak yon maladi ki pa ka geri.
18Pote bonjan manje an kantite bay yon moun ki pa ka manje,
se tankou ofrann ou ta mete pou mò devan tonm yo.
19Sa ou bezwen fè ofrann bay estati zidòl yo fè?
Yo pa ka manje, yo pa ka pran sant li.
Se menm bagay la ak yon moun ki anba chatiman Granmèt la.
20L'ap gade manje a, l'ap plenn
tankou yon nonm chatre ki kenbe yon jenn fi nan bra li.
Kè kontan21Pa kite lapenn pote ou ale.
Pa kite vye lide pran tèt ou pou ou dekouraje.
22Kè kontan se sa ki bay moun gou pou yo viv.
Kè kontan se sa ki fè moun viv lontan.
23Pran plezi ou, fè kè ou kontan,
voye tout tèt chaje jete lwen ou.
Paske tèt chaje fini ak anpil moun.
Sa pa janm rapòte yo anyen.
24Jalouzi ak kòlè fè moun mouri bonè.
Tèt chaje fè moun vyeyi anvan lè yo.
25Lè ou gen kè kontan, w'ap gen bon bouch.
W'ap pwofite manje ou manje a.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.