1(3) Poukisa, Jer 9.4,5 ou menm gwo chèf, w'ap vante tèt ou konsa
lè ou fè sa ki mal!
Renmen Bondye a pa janm chanje.
2(4) W'ap kalkile ki jan pou fè moun mal.
Lang ou tankou yon razwa byen file,
ou toujou ap fè manti sou moun.
3(5) Ou Sòm 27.13; Pwo 2.22 pito fè mal pase pou ou fè byen.
Ou pito bay manti pase ou di verite.
4(6) Ou Jòb 22.19; Sòm 40.3 renmen di pawòl ki pou fè moun mal,
lang vipè!
5(7) Se Jòb 31.24,25; Sòm 49.6 poutèt sa, Bondye gen pou fini nèt avè ou,
l'ap mete men sou ou, l'ap rale ou sòti anndan kay ou.
L'ap wete ou nan mitan moun ki vivan yo.
6(8) Moun Sòm 92.12,13; 128.3; Jer 11.16 k'ap mache dwat yo va wè sa,
y'a gen krentif pou Bondye.
Men y'a pase ou nan betiz, y'a di:
7(9) Men Sòm 54.6 moun ki te derefize chache pwoteksyon bò kote Bondye a.
Li te pito mete tout konfyans li nan gwo richès li yo.
Li te pito ap fè grandizè pou sa li fè ki mal.
8(10) Men, mwen tankou yon bèl pye oliv tou vèt nan kay Bondye a.
M'ap toujou mete tout konfyans mwen nan li,
paske li p'ap janm sispann renmen mwen.
9(11) M'ap toujou di ou mèsi pou sa ou fè, Bondye.
Tout espwa mwen se nan ou li ye.
M'ap kanpe nan mitan moun k'ap sèvi ou yo
pou m fè konnen jan ou bon.
Who We AreWhat We EelieveWhat We Do
2025 by iamachristian.org,Inc All rights reserved.